Skip to content
Opens in a new window

[1] Pòl, apot Jezi Kris daprè dekrè Bondye Sovè nou ak Senyè Jezi Kris, esperans nou.

[2] Timote, pitit lejitim mwen nan lafwa, se pou gras, pitye ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou ak nan Jezi Kris, Senyè nou, avèk ou.

[3] M ap mande w menm sa mwen te mande w lè mwen t apral Masedwàn nan. Rete Efèz, kòmande yon seri moun pou yo pa ni anseye lòt kalite doktrin,

[4] ni koute litani lejann ak lis non zansèt. Olye bagay sa yo fè ministè Bondye a mache nan lafwa, se diskisyon yo fè mache.

[5] Rezon pou kòmandman sa a se yon lamou ki soti nan yon kè ki pwòp, nan yon konsyans ki bon, epi nan yon lafwa ki san ipokrizi.

[6] Gen kèk moun ki rate bagay sa yo, epi yo pèdi nan rablabla.

[7] Yo vle parèt pwofesè lalwa, alòske yo pa konprann ni sa y ap di, ni sa y ap deklare.

[8] Alò, nou konnen lalwa bon depi se kòm lalwa yo sèvi avè l.

[9] Paske, men sa nou konnen: Se pa pou moun jis, Bondye tabli lalwa, men se pou moun rebèl ak moun dezobeyisan, pou mechan ak pechè, pou moun ki pa sen ak moun k ap fè sakrilèj, pou moun k ap tiye papa yo ak moun k ap tiye manman yo, pou asasen,

[10] pou moun imoral, pou fi pede ak gason pede, pou moun k ap vann esklav, pou mantè, pou moun mètdam, epi pou nenpòt lòt bagay ki ta kontrè ak doktrin ki kòrèk la.

[11] E, sa se daprè levanjil glwa Bondye ki beni an, levanjil Bondye konfye m nan.

[12] Mwen di Jezi Kris, Senyè nou an, mèsi, li menm ki te ban mwen fòs. Paske, li te konsidere mwen fidèl, epi li mete m nan ministè a,

[13] malgre anvan sa, mwen te denigre l, mwen te pèsekite l, epi mwen te awogan. Men, okontrè, mwen te resevwa pitye, paske nan pa konnen, mwen te aji san lafwa.

[14] E, gras Senyè nou an te depase mezi, ansanm avèk lafwa ak lamou ki nan Jezi Kris.

[15] Se yon pawòl fidèl epi ki merite pou tout moun resevwa l, sèke Jezi Kris vini nan lemonn pou l sove pechè. E, pami yo, se mwen ki pi mal.

[16] Men, okontrè, se poutèt sa mwen resevwa pitye: Pou Jezi Kris ka montre tout pasyans li nan mwen ki pi mal la. Konsa, mwen se yon modèl pou sa yo ki pral kwè nan li pou yo ka gen lavi etènèl.

[17] Onè, glwa pou sila ki wa pou letènite a, sila ki pa ka mouri a, sila ki envizib la epi ki sèl Bondye ki saj la, pou le tan e letènite. Amèn!

[18] Kifè, Timote, pitit mwen, se kòmandman sa a, mwen remèt ou, daprè pwofesi ki te fèt sou ou yo, dekwa pou w mennen yon bon batay grasa yo.

[19] An menm tan tou, se pou w kenbe lafwa ak yon bon konsyans. Gen kèk moun ki pouse yo sou kote, epi lafwa yo fè nofraj.

[20] Pami yo, genyen Imene ak Aleksann. Mwen livre yo bay Satan pou yo aprann pa denigre Bondye.

Premye lèt apot Pòl te ekri Timote a — Chapters