Skip to content
Opens in a new window

[1] Sa se yon pawòl ki fidèl: Si yon moun vle vin evèk, ebyen, li anvi yon bèl travay.

[2] Donk, evèk la dwe san repwòch; li dwe gen yon sèl madanm; li dwe gen kontwòl tèt li; li dwe modere epi respektab; li dwe gen ospitalite; li dwe kapab anseye;

[3] li pa dwe ni yon tafyatè, ni yon moun vyolan, ni yon magouyè. Men, li dwe dou, dosil. Li pa dwe ava.

[4] Li dwe byen dirije pwòp kay li. Tout jan epi avèk serye, li dwe kenbe pitit li nan disiplin.

[5] Paske, si yon moun pa konn dirije pwòp kay li, kòman pou l ta ka pran swen legliz Bondye a?

[6] Evèk la pa dwe yon nouvo konvèti. Osinon, li ka vin plen ak ògèy, epi konsa, li ka tonbe anba menm kondanasyon ak djab la.

[7] Li dwe gen bon repitasyon deyò a. Osinon, li ka tonbe anba avilisman ak nan pyèj djab la.

[8] Menm jan an tou, dyak yo dwe respektab. Yo pa dwe ni moun ki gen de lang, ni moun ki lage nan bwè anpil, ni magouyè.

[9] Yo dwe kenbe mistè lafwa a avèk yon konsyans pwòp.

[10] Se pou yo teste yo anvan. Apre sa, si yo san repwòch, y a vin dyak.

[11] E, menm jan an tou, medam yo dwe respektab. Yo pa dwe malpalan. Yo dwe gen kontwòl tèt yo, epi yo dwe fidèl nan tout bagay.

[12] Dyak dwe gen yon sèl madanm. Yo dwe byen dirije pitit yo ak pwòp kay yo.

[13] Paske, sa yo ki byen sèvi kòm dyak, yo jwenn yon bon pozisyon pou tèt yo, ansanm ak tout asirans nan lafwa ki nan Jezi Kris la.

[14] Mwen ekri w bagay sa yo, men, mwen espere m apral lakay ou talè konsa.

[15] Men, si m mize, w a konnen kijan moun dwe konpòte tèt yo lakay Bondye a, sa vle di, legliz Bondye vivan an, ki se poto ak baz verite a.

[16] Se pou moun avwe l. Mistè devosyon pou Bondye a se yon gran mistè: Bondye parèt nan yon kò. Lespri a deklare li jis. Zanj wè li. Moun preche l pami nasyon yo. Yo kwè nan li nan lemonn. Li monte al nan laglwa.

Premye lèt apot Pòl te ekri Timote a — Chapters