Skip to content
Opens in a new window

[1] Pa fè granmoun gason yo obsèvasyon. Okontrè, ankouraje yo tankou papa. Ankouraje jèn gason yo tankou frè.

[2] Ankouraje granmoun fi yo tankou manman. Ankouraje jèn fi yo tankou sè, men, konpòte tèt ou pwòp tout jan.

[3] Vèv ki vèv vre yo, onore yo.

[4] Men, si yon vèv gen pitit oubyen pitit pitit, toudabò, se pou yo aprann montre devosyon yo pou pwòp fanmi yo, epi se pou yo peye dèt yo anvè paran yo. Paske, sa a se yon bagay ki konvenab devan Bondye.

[5] Vèv ki vèv vre a epi ki rete poukont li, li met espwa l nan Bondye. Lajounen kon lannuit, l ap sipliye Bondye, l ap priye Bondye.

[6] Men, vèv ki nan banbòch la, li se yon mò vivan.

[7] Kòmande yo fè bagay sa yo, dekwa pou yo ka san repwòch.

[8] Si yon moun pa pran swen fanmi l, sitou swen moun lakay li, ebyen, li nye lafwa, e li pi mal pase yon moun ki san lafwa.

[9] Pou yo enskri yon vèv sou lis la, fòk li pa gen mwens pase swasantan, fòk li te gen yon sèl mari,

[10] fòk moun temwaye bon zèv li fè, tankou si l te byen elve timoun, si l te gen ospitalite, si l te lave pye sen yo, si l te ede malere, anfen, si l te chèche fè tout kalite bon zèv.

[11] Men, kanta pou jèn vèv yo, egzante yo. Paske, lè dezi monte yo kont Kris, yo vle marye.

[12] Epi, yo vin koupab, paske lè sa a, se premye angajman yo a, yo anile.

[13] An menm tan, nan mache kay apre kay, yo aprann fè epav. E, se pa epav yo ye sèlman, men yo tripòt tou, yo fouyapòt, yo pale sa yo pa dwe pale.

[14] Donk, mwen vle pou jèn vèv yo remarye, pou yo fè pitit, epi pou yo dirije kay yo. Konsa, yo p ap bay lènmi an okenn okazyon pou l denigre yo.

[15] Paske, gen kèk nan yo ki deja devire pou y al dèyè Satan.

[16] Si yon fi oubyen yon gason ki konvèti gen vèv lakay li, se pou l ede yo. Se pa pou yo met chay la sou legliz. Konsa, legliz va ede vèv ki vèv vre yo.

[17] Ansyen ki byen dirije yo, sitou sa k ap redi preche epi k ap redi anseye yo, merite yon onè doub.

[18] Paske, Lekriti di: «Pa bay bèf, k ap dekòtike grenn, baboukèt.» Epi, li di ankò: «Travayè merite salè yo.»

[19] Pa resevwa okenn plent kont yon ansyen, amwenske genyen de oubyen twa temwen.

[20] Ansyen ki fè peche yo, fè yo obsèvasyon devan yo tout. Konsa tou, lòt yo va gen krentif.

[21] M ap deklare w sa devan Bondye, devan Senyè Jezi Kris ak devan zanj Bondye chwazi yo: Se pou w obsève bagay sa yo san patipri, san w pa fè okenn favè.

[22] Pa prese poze men sou tèt pèsonn. Pa mele nan peche lòt moun, nonplis. Ou menm, kenbe tèt ou pwòp.

[23] Sispann bwè dlo ase. Okontrè, poutèt lestomak ou a epi poutèt feblès ou gen souvan yo, se pou w sèvi ak yon ti diven tou.

[24] Gen yon seri moun, menm anvan yo jije yo, peche yo parèt aklè. Men, pou yon seri lòt, peche yo parèt apre.

[25] Se konsa tou, bon travay parèt aklè. E, sa k pa konsa yo, yo pa kapab ret kache.

Premye lèt apot Pòl te ekri Timote a — Chapters