Skip to content
Opens in a new window

[1] Pòl, apot Jezi Kris daprè volonte Bondye, daprè pwomès lavi ki nan Jezi Kris la.

[2] Timote, pitit byenneme m nan, se pou gras, pitye ak lapè ki soti nan Bondye Papa a ak nan Jezi Kris, Senyè nou an, avèk ou.

[3] Mwen di Bondye mèsi, Bondye m ap sèvi menm jan ak zansèt mwen yo a epi avèk yon konsyans ki pwòp la. Se san rete m ap nonmen non ou nan priyè mwen, lajounen kon lannuit.

[4] Lè m ap sonje dlo ki konn nan je ou, mwen vin anvi wè w anpil, pou lajwa ka plen kè m.

[5] Sa fè m sonje lafwa san ipokrizi ki nan ou a. Menm lafwa sa a t ap viv nan kè granmè w Loyis an premye epi nan kè manman w Enis tou. E, mwen gen konfyans l ap viv nan kè w tou.

[6] Se pou rezon sa a, don Bondye ou te resevwa lè m te poze men sou ou a, m ap fè w sonje pou w chofe l kon dife.

[7] Paske, se pa yon Lespri kapon Bondye ban nou, men se yon Lespri pisans, lamou ak disiplin.

[8] Donk, pa wont temwaye pou Senyè nou an. Nonplis tou, pa wont mwen menm ki prizonye li. Okontrè, patisipe nan soufrans pou levanjil la, daprè pisans Bondye.

[9] Se Bondye sa a ki sove nou epi ki fè nou yon apèl ki sen. E se pa poutèt zèv nou te fè, men se daprè plan l epi daprè gras, li ban nou nan Jezi Kris, anvan tan letènite te kòmanse.

[10] Men, kounye a, li montre gras la nan parèt Sovè nou, Jezi Kris, te parèt la. Jezi detui lanmò. Epi, grasa levanjil la, li fè limyè klere sou lavi ak imòtalite.

[11] E, se poutèt sa, Bondye mete m kòm mesaje, kòm apot, epi kòm anseyan pou lòt nasyon yo.

[12] Se rezon sa a tou ki fè m ap soufri bagay sa yo. Men, mwen pa wont, paske mwen konnen nan kilès mwen kwè. E mwen gen konfyans li genyen pisans pou l kenbe sa m konfye l la pou jis jou sa a rive.

[13] Pawòl kòrèk ou te tande m ap di w yo, kenbe yo kòm modèl, avèk lafwa ak lamou ki nan Jezi Kris.

[14] Grasa Lespri Sen ki abite nan ou a, veye sou bon bagay Bondye konfye w la.

[15] Tout moun ann Azi yo lage m. Fijèl ak Èmojèn te avèk yo tou. Ou konn sa, pa vre?

[16] Se pou Senyè a gen pitye pou moun kay Onezifò yo. Paske, byen souvan, se li ki ankouraje m. E, li pa wont mwen dèske m anba chenn.

[17] Okontrè menm, lè l te vin Wòm, li fè dilijans pou l chèche m. E, li jwenn mwen.

[18] Se pou Senyè a pèmèt li jwenn pitye devan Senyè a nan jou sa a. Ou konnen trè byen ki sèvis li rann mwen nan Efèz.

Dezyèm lèt apot Pòl te ekri Timote a — Chapters