Skip to content
Opens in a new window

[1] Donk, toudabò, m ap ankouraje nou prezante demann, priyè, siplikasyon, remèsiman bay Bondye pou tout moun,

[2] pou wa ak pou tout moun ki se otorite, dekwa pou nou ka mennen yon lavi ki kal epi ki trankil, nan devosyon pou Bondye tout jan, epi nan serye.

[3] Paske, sa a se yon bagay ki byen epi ki konvenab devan Bondye Sovè nou.

[4] Li menm, li vle pou tout moun sove epi pou yo rive konnen verite a.

[5] Vrèmanvre, se yon sèl Bondye ki genyen, e se yon sèl medyatè ki genyen ant Bondye ak lèzòm, se yon nonm: Jezi Kris.

[6] Li bay pwòp tèt li pou l peye pou tout moun. Temwayaj sa a parèt nan tan ki te fikse a.

[7] E, se poutèt sa, Bondye mete m kòm mesaje epi kòm apot. Se laverite m ap di nan Kris, se pa manti. Li mete m pou mwen anseye nasyon yo lafwa ak laverite.

[8] Donk, mwen vle pou mesye yo, leve men ki sen pou yo lapriyè toupatou, san kòlè, san diskisyon.

[9] Menm jan an tou, mwen vle pou medam yo abiye kòrèkteman, yon jan ki senp epi ki modere. Òneman pou yo genyen, se pa gwo kwafi, oubyen lò, oubyen pèl, oubyen rad byen chè.

[10] Okontrè! Òneman ki konfòm pou fi ki pwomèt pou yo gen devosyon pou Bondye, se fè bon zèv.

[11] Fi dwe ret trankil, yo dwe soumèt tèt yo tout jan, lè y ap aprann.

[12] Mwen pa pèmèt fi ni anseye ni gen otorite sou gason. Okontrè, yo dwe ret trankil.

[13] Paske, se Adan Bondye te kreye an premye, epi Èv apre.

[14] Epitou, se pa t Adan yo te twonpe, men se te Èv yo te twonpe, epi se li ki te tonbe nan vyolasyon.

[15] Men, l a sove nan fè pitit, si yo pèsevere nan lafwa, epi nan lamou, epi nan sangtifikasyon, avèk yon jan ki modere.

Premye lèt apot Pòl te ekri Timote a — Chapters