Skip to content
Opens in a new window

[1] Anfen, frè nou yo, priye pou nou dekwa pou pawòl Senyè a ka kontinye gaye rapid epi pou l ka triyonfe menm jan sa te ye lakay NOU an.

[2] Priye dekwa pou, mwen menm ak lòt yo, nou ka delivre anba moun pèvèti, anba moun mechan. Paske, se pa tout moun ki gen lafwa.

[3] Men, Senyè a fidèl. L a fòtifye NOU, l a pwoteje NOU anba Mechan an.

[4] E, mwen menm ak lòt yo, nou gen konfyans nan Senyè a konsènan NOU menm, kòmkwa N ap fè sa mwen menm ak lòt yo te kòmande NOU yo, epi N ap kontinye fè yo tou.

[5] Se pou Senyè a dirije kè NOU nan lamou Bondye ak nan andirans Kris la!

[6] Men, frè nou yo, n ap kòmande NOU nan non Senyè nou an, Jezi Kris, pou NOU egzante tout frè k ap viv an moun deregle epi ki p ap viv daprè koutim NOU te resevwa nan men mwen menm ak lòt yo.

[7] Dayè, NOU byen konnen kòman NOU dwe imite mwen menm ak lòt yo, paske se pa t an moun deregle nou te viv lè nou te Tesalonik.

[8] Nonplis tou, nou pa t manje manje pèsonn gratis. Okontrè, nou te redi, nou te trimen. Lajounen kon lannuit, nou te travay dekwa pou nou pa t sou kont pèsonn nan NOU.

[9] Alò, se pa paske nou pa t gen dwa pou nou sou kont NOU. Men, nou te vle bay tèt nou kòm modèl pou NOU menm, Tesalonisyen, NOU te ka imite nou.

[10] Paske, lè mwen menm ak lòt yo, nou te lakay NOU an, men sa nou te kòmande NOU: Yon moun ki pa vle travay, li pa dwe manje nonplis!

[11] Nou di sa, paske nou tande gen kèk nan NOU k ap viv an moun deregle, ki p ap travay, men, ki nan tout sòs.

[12] Moun sa yo, n ap kòmande yo, n ap egzòte yo, grasa Senyè nou an, Jezi Kris, pou yo travay trankil epi pou yo manje sou fòs kouraj yo.

[13] Men NOU menm, frè nou yo, pa bouke fè sa ki byen.

[14] E, si yon moun pa obeyi pawòl nou pale nan lèt sa a, make l. Pa mele ak li pou l ka wont.

[15] Se pa kòm lènmi pou NOU konsidere l. Men, avèti l tankou frè.

[16] Se pou Senyè ki konn bay lapè a ban NOU lapè tout tan epi tout jan. Senyè a avèk NOU tout!

[17] Se mwen, Pòl, ki ekri salitasyon sa a ak pwòp men mwen. Se siyati sa a ki nan tout lèt mwen yo. Se konsa m ekri.

[18] Gras Senyè nou an, Jezi Kris, avèk NOU tout! Amèn!

Dezyèm lèt apot Pòl te ekri legliz Tesalonik la — Chapters