[1] Kounye a, nou menm moun rich yo, koute! Mizè pral tonbe sou nou. Poutèt sa, kriye! Rele!
[2] Richès nou yo fin pouri. Mit fin manje rad nou yo.
[3] Lò ak ajan nou yo wouye. Wouy yo a va yon temwayaj kont nou. Li va manje chè nou tankou dife. Nou anpile richès nou yo nan dènye jou yo.
[4] Gade! Nou fè magouy ak salè travayè ki sekle jaden nou yo. Men salè a ap rele! Rèl moun ki ranmase rekòt nou yo rive nan zòrèy Senyè dèz Ame.
[5] Nou alèz sou latè. Nou banboche. Nou angrese kè nou tankou se te nan jou labatwa.
[6] Nou kondane moun ki jis la. Nou asasinen li. E li pa kenbe tèt ak nou.
[7] Donk, frè mwen yo, pran pasyans, jis Senyè a vini. Gade! Rekòt latè gen valè. Kiltivatè a tann li, li pran pasyans pou li jis li jwenn lapli ni premye sezon, ni dènye sezon.
[8] Nou menm tou, pran pasyans. Fòtifye kè nou, paske Senyè a pre vini.
[9] Frè mwen yo, pa plenyen youn sou lòt pou jij la ka pa jije nou. Gade! Jij la kanpe nan papòt la.
[10] Frè mwen yo, nan soufrans ak pasyans, pran pwofèt yo ki te pale nan non Senyè a kòm modèl.
[11] Gade! Moun ki kenbe fèm, nou di yo byennere. Nou tande istwa andirans Jòb, pa vre? Nou wè tout sa Senyè a fè alafen. Ebyen, se paske Senyè a gen anpil kè sansib ak pitye.
[12] Anvan tout bagay, frè mwen yo, pa sèmante ni sou syèl la, ni sou tè a, ni ak okenn lòt sèman. Men, pou nou ka pa tonbe nan ipokrizi, wi nou dwe wi, non nou dwe non.
[13] Èske gen yon moun pami nou k ap soufri? Se pou li priye! Èske gen youn ki kontan? Se pou li chante kantik.
[14] Èske gen yon moun pami nou ki malad? Se pou li rele ansyen legliz yo. Se pou yo priye pou li. Epitou, yo va vide luil sou li nan non Senyè a.
[15] Lapriyè ak lafwa va delivre moun malad la. E Senyè a va leve li. E, si li te fè peche, li va jwenn padon.
[16] Pou nou ka geri, nou dwe konfese fot nou yo youn bay lòt epi priye youn pou lòt. Lè lapriyè yon moun ki jis travay, sa kapab fè anpil bagay.
[17] Eli te yon moun menm jan avèk nou. Li priye anpil pou lapli pa tonbe. E, pandan twazan sis mwa, lapli pa t tonbe sou latè.
[18] Epi, li priye ankò. Alò, syèl la bay lapli, tè a donnen rekòt li.
[19] Frè mwen yo, sipoze yon moun pami nou ta pèdi chemen verite a epi yon lòt ta mennen li tounen,
[20] men sa li dwe konnen: Lè yon pechè pèdi nan chemen li, moun ki mennen l tounen an sove yon nanm anba lanmò, epi li kouvri yon bann peche.