[1] Frè mwen yo, montre lafwa nou nan Jezi Kris, Senyè nou an, men, san patipri. Li se laglwa.
[2] Vrèmanvre, sipoze yon moun avèk bag lò ak rad klere ta antre nan asanble nou an, epi yon pòv ak rad blaze ta antre tou.
[3] Nou gade moun ki mete rad klere a avèk respè. Nou di li: «Chita isit, tanpri.» Men, nou di moun pòv la: «Ou menm, kanpe lòt bò a. Oubyen, chita isit, bò machpye m nan.»
[4] Konsa, èske se pa diferans n ap fè pami nou? Epitou, èske nou pa tounen jij ki gen move lide?
[5] Frè byenneme mwen yo, koute. Bondye te chwazi moun ki pòv daprè lemonn yo pou yo ka rich nan lafwa epi pou yo ka eritye wayòm nan, wayòm li pwomèt moun ki renmen l yo, pa vre?
[6] Alòske, nou menm, nou avili moun pòv yo. Èske se pa moun rich yo k ap eksplwate nou? Se pa yo menm tou k ap trennen nou devan tribinal?
[7] Epi, èske se pa yo menm k ap denigre bèl non nou pote a?
[8] Daprè Lekriti, lwa ki souvren an di: «Ou va renmen pwochen ou, menm jan ou renmen tèt ou.» Si vrèmanvre se li nou akonpli, nou fè byen.
[9] Men, si nou fè patipri, ebyen, nou fè peche. Epi, lalwa kondane nou pou vyolasyon.
[10] Paske, nenpòt moun ki ta obsève tout lalwa, men, ki ta bite sou yon sèl, ebyen, li vin koupab pou tout.
[11] Vrèmanvre, sila ki di «Pa fè adiltè» a, li te di «Pa tiye moun» tou. Men, si ou pa fè adiltè, alòske, ou tiye moun, ebyen, ou vyole lalwa.
[12] Nou dwe pale epi nou dwe aji tankou moun yo pral jije anba lwa ki bay libète a.
[13] Paske, jijman an va san pitye pou moun ki te aji san pitye. Men, pitye gen laviktwa sou jijman.
[14] Frè mwen yo, si yon moun ta di li gen lafwa, alòske li pa gen zèv, kisa sa itil? Lafwa a pa kapab sove li, pa vre?
[15] Sipoze yon frè oubyen yon sè ta san rad epi san anyen pou yo manje pandan jounen an.
[16] Epi, san nou pa ba yo sa kò yo bezwen, youn nan nou di yo: «Ale nan lapè. Chofe kò nou. Plen vant nou.» Alò, kisa sa itil?
[17] Se menm jan an tou pou lafwa. Si li poukont li, san zèv, li mouri.
[18] Men, yon moun va di: «Ou menm, ou gen lafwa. E, mwen menm, mwen gen zèv!» Ebyen, demontre mwen lafwa ou, san ou pa fè zèv, epi mwen menm, mwen va fè zèv pou mwen demontre ou lafwa mwen.
[19] Ou kwè gen yon sèl Bondye, pa vre? Ou byen fèt. Demon yo kwè sa tou, e yo tranble.
[20] Moun san konprann, èske ou vle konnen vre, san zèv, lafwa mouri?
[21] Bon, lè papa nou Abraam te ofri Izaak, pitit li a, sou lotèl la, se daprè zèv li Bondye te jistifye l, pa vre?
[22] Alò, ou wè! Lafwa l t ap travay ansanm ak zèv li yo. E, zèv li yo te fè lafwa l vin total.
[23] Epitou, sa ki te ekri a te akonpli. Men sa li te di: Alò, Abraam te kwè nan Bondye. Epi Bondye konsidere sa tankou jistis pou Abraam. Epi, yo rele li zanmi Bondye.
[24] Donk, nou wè sa: Bondye jistifye yon moun daprè zèv li, se pa daprè lafwa li sèlman.
[25] Se menm jan an tou pou Raab, pwostitiye a. Lè li te resevwa mesaje yo epi li te voye yo ale sou yon lòt wout la, èske se pa daprè zèv li yo Bondye te jistifye li?
[26] Menm jan kò ki san lespri mouri, se konsa tou, lafwa ki san zèv mouri.