Skip to content
Opens in a new window

[1] Goumen ak kont ki nan mitan nou yo, kote yo soti? Èske se pa nan move anvi nou yo k ap batay nan manm kò nou?

[2] Nou anvi, men, nou pa genyen. Nou asasinen, nou gen anbisyon, men, nou pa kapab jwenn anyen. Nou fè kont, nou goumen, men, nou pa jwenn anyen. Tout sa, paske nou pa mande.

[3] Nou mande san nou pa resevwa, paske nou mande mal. Nou mande pou nou ka depanse pou anvi nou.

[4] Adiltè, adiltèz! Èske nou pa konnen fè zanmi ak lemonn se fè lènmi ak Bondye? Donk, yon moun ki vle zanmi lemonn, li plase tèt li kòm lènmi Bondye.

[5] Oubyen, èske nou panse Lekriti pale pou anyen lè li di: «Se ak jalouzi, Bondye renmen Lespri ki vin abite nan nou an?»

[6] Men, li bay plis gras! Se poutèt sa, li di: Bondye kenbe tèt ak awogan yo. Men, moun ki rabese tèt yo, Bondye ba yo gras.

[7] Donk, soumèt nou devan Bondye. Men, kenbe tèt ak djab la, e li va kouri devan nou.

[8] Pwoche kote Bondye, e li va pwoche kote nou. Pechè, netwaye men nou. Moun de lide, pirifye kè nou.

[9] Soufri! Rele! Kriye! Fè ri nou tounen rèl, epi fè lajwa nou tounen lapenn.

[10] Rabese tèt nou devan Senyè a, e li va leve nou.

[11] Frè mwen yo, pinga youn pale lòt mal. Moun ki pale yon frè mal epi ki jije frè li, se lalwa li pale mal, se lalwa li jije. Si ou jije lalwa, ou pa yon moun k ap obsève lalwa, men ou se jij li.

[12] Sila ki kapab ni sove ni detui a, se li sèl ki fè lalwa. Men, ou menm, kilès ou ye, pou w ap jije pwochen w?

[13] Kounye a, koute! Nou menm k ap di: «Jodi a oubyen demen nou prale nan tèl vil. N ap fè yon ane la. N ap fè komès. N ap fè benefis!»

[14] Wi, nou menm, nou pa konnen demen! Paske, kisa lavi nou ye? Li se yon vapè. Yon ti moman li parèt, apre sa tou, li disparèt.

[15] Okontrè, nou dwe di: «Si Senyè a vle, nou va viv. Epi, nou va fè sesi sela.»

[16] Men, kounye a, nan awogans nou, n ap vante tèt nou. Tout kalite vante tèt sa yo pa bon.

[17] Donk, yon moun ki konnen pou li fè byen, men ki pa fè li, li peche.

Lèt apot Jak te ekri a — Chapters