Skip to content
Opens in a new window

[1] Pyè, apot Jezi Kris. Nou menm ki se etranje pami dyaspora ki nan Pon, nan Galasi, nan Kapadòs, ann Azi ak nan Bitini;

[2] nou menm Bondye Papa a chwazi daprè konesans li te genyen davans epi grasa travay sangtifikasyon Lespri a, dekwa pou nou ka obeyi Jezi Kris epi pou san li ka wouze nou, se pou gras ak lapè avèk nou an kantite.

[3] Benediksyon pou sila ki Bondye epi ki Papa Senyè nou an, Jezi Kris! Pitye li tèlman gran, li ban nou yon nouvèl nesans. Konsa, grasa Jezi Kris ki te resisite pami mò yo, nou gen yon esperans vivan,

[4] yon eritaj ki pa ka ni gate, ni sal, ni fennen; yon eritaj ki sere nan syèl la pou nou;

[5] wi, pou nou menm, Bondye ap pwoteje nan pisans li, grasa lafwa nou, akòz delivrans li deja prepare pou l devwale nan dènye tan an.

[6] Se nan sa lajwa nou ye, menm si kounye a li nesesè pou nou nan lapenn anba divès eprèv pou yon ti moman.

[7] Konsa, lè eprèv teste lafwa nou, sètwouve rezilta a se va lwanj, glwa ak onè, lè Jezi Kris va parèt. Paske, lafwa nou gen plis valè pase lò ki kapab detui. Alòske, dife teste menm lò.

[8] E, malgre nou pa t wè Jezi Kris, nou renmen li. Malgre nou pa wè li kounye a, nou kwè nan li, jis nou nan yon lajwa ki se yon mèvèy ak yon glwa.

[9] Paske, poutèt lafwa nou, n ap resevwa delivrans pou nanm nou kòm rezilta.

[10] Konsènan delivrans sa a, pwofèt ki te pwofetize sou gras ki te sere pou nou an te fè rechèch, yo te fouye

[11] pou yo egzamine kilè oubyen ki sikonstans, Lespri Kris ki te nan yo a t ap montre yo. Paske, Lespri a te sètifye depi davans Kris ap soufri epi l ap nan laglwa apre sa.

[12] Men, pwofèt yo te jwenn revelasyon ki di se pa pou tèt yo yo te dwe sèvi ak bagay sa yo, men se te pou nou menm. Men, kounye a, moun ki te preche nou levanjil la anonse nou bagay sa yo grasa Lespri Sen Bondye te voye sot nan syèl la; se bagay zanj anvi foure je gade ladan yo.

[13] Poutèt sa, se pou nou fèm nan lide nou tankou se ren nou nou mare. Pran tèt nou! Kenbe yon esperans total nan gras Jezi Kris ap pote pou nou lè li va parèt la.

[14] Tankou timoun obeyisan, pa imite modèl dezi, nou te konn genyen lontan yo, lè nou te san konesans.

[15] Okontrè, menm jan sila ki te rele nou an sen, nou menm tou, se pou nou sen nan tout konpòtman nou.

[16] Paske, men sa ki ekri: «Se pou nou sen, paske mwen menm, mwen sen!»

[17] Epitou, sila ki jije chak moun daprè zèv yo epi san patipri a, si se li menm n ap rele Papa, ebyen, se pou nou konpòte tèt nou avèk krentif pandan tan nou depasaj isiba a.

[18] Paske, nou konnen lè Bondye te rachte nou anba konpòtman san valè nou te aprann nan men zansèt nou yo, se pa t avèk bagay ki ka peri, tankou ajan ak lò, li te rachte nou.

[19] Okontrè, se te avèk yon san ki gen valè, avèk yon san ki tankou san yon ti mouton ki pa gen ni defo ni tach, se te avèk san Kris.

[20] Menm anvan Bondye te kreye lemonn, li te konnen davans se t ap Kris. Men, akòz nou menm, se nan dènye tan yo li parèt.

[21] Grasa li, nou kwè nan Bondye ki te resisite li pami mò yo epi ki te ba li glwa a, dekwa pou se nan Bondye lafwa nou ak esperans nou va ye.

[22] Grasa Lespri a, nan obeyi nou obeyi verite a, nou pirifye nanm nou pou nou ka renmen frè yo san ipokrizi. Ebyen, se pou nou youn renmen lòt san rete, avèk yon kè ki pwòp.

[23] Bondye te ban nou yon nouvèl nesans. Se pa t avèk yon semans ki ka gate li te fè sa, men se te avèk yon semans ki pa ka gate, se te grasa pawòl Bondye a, yon pawòl ki vivan epi k ap rete pou letènite.

[24] Paske, Tout moun tankou zèb, Epi glwa tout moun tankou flè zèb. Zèb seche. Flè zèb tonbe. Men, pawòl Senyè a ap rete pou letènite.

[25] E se pawòl sa a menm nou te resevwa lè yo te anonse nou levanjil la.

Premye lèt apot Pyè te ekri a — Chapters