Skip to content
Opens in a new window

[1] Frè mwen yo, se pa pou anpil nan nou vin ap anseye. Paske, nou konnen nou va resevwa yon kondanasyon ki pi sevè.

[2] Nou tout, nou bite nan anpil bagay. Si yon moun pa bite nan pawòl li, moun sa a se yon moun total. Li kapab bride tout kò l tou.

[3] Gade! Nou mete brid nan bouch chwal pou yo ka obeyi nou. Konsa, nou dirije tout kò a.

[4] Gade bato yo tou. Malgre yo byen gwo epi gwo van pouse yo, se yon gouvènay tou piti ki dirije yo nenpòt kote kaptenn nan deside nan lide l.

[5] Konsa tou, lang se yon ti manm nan kò, men li vante tèt li sou gwo bagay. Gade gwosè rak bwa, yon ti dife ka boule!

[6] Ebyen, lang se dife. Li se lemonn enjistis. Konsa, pami manm nou yo, lang plase tèt li pou li kontamine tout kò a. Li mete dife toupatou nan kreyasyon an. E, Jeyèn ba li dife.

[7] Vrèmanvre, yo donte ni bèt ni zwazo, ni sa ki ranpe ni sa ki nan lanmè, tout kalite! E, lèzòm deja donte yo.

[8] Men, pou lang, pèsonn pa kapab donte l. Li se yon mal yo pa kapab kontwole. Li plen ak pwazon ki bay lanmò.

[9] Se avèk li nou beni Bondye, Papa a. Se avèk li tou nou modi lèzòm, yo menm Bondye te fè daprè pòtre li.

[10] Nan menm bouch la, ni benediksyon ni malediksyon soti! Frè mwen yo, bagay sa yo pa dwe konsa.

[11] Yon sous pa ponpe dlo dous ansanm ak dlo anmè soti nan menm twou a, pa vre?

[12] Frè mwen yo, èske pye figfrans kapab donnen oliv? Oubyen, èske pye rezen kapab donnen figfrans? Konsa tou, okenn sous pa kapab bay dlo dous ak dlo sale.

[13] Kilès pami nou ki gen sajès ak entèlijans? Se pou yo demontre zèv yo daprè yon konpòtman ki bon epi avèk yon sajès ki dous.

[14] Men, si kè nou anmè ak jalouzi epi li gen anbisyon, pa vante tèt nou. Epi, pa bay manti sou verite a.

[15] Se pa sa a ki sajès ki desann soti anwo a. Sa a se sajès latè, sajès lèzòm, sajès demon.

[16] Paske, kote ki gen jalouzi ak anbisyon, la gen dezòd ak tout move bagay tou.

[17] Men, sajès ki soti anwo a, toudabò, li pwòp. Apre sa, li gen lapè, li dous; li tande rezon; li plen avèk pitye ak bon fwi; li san patipri, san ipokrizi.

[18] Moun k ap fè lapè, yo simen nan lapè, yo rekòlte jistis.

Lèt apot Jak te ekri a — Chapters