Skip to content
Opens in a new window

[1] Men, frè nou yo, kanta pou ki tan oubyen ki dat, NOU pa bezwen yo ekri nou sou sa.

[2] Paske, NOU menm, NOU konnen sa kòrèkteman: Jou Senyè a ap vini tankou yon vòlè ki vin vòlè lannuit.

[3] Paske, pandan moun ap di: «Lapè! Sekirite!» ebyen, yon devas ap tonbe sou yo sanzatann, tankou lè tranche pran yon fi ansent. E, pèsonn p ap chape.

[4] Men NOU menm, frè nou yo, NOU pa nan fènwa kòmkwa pou jou sa a ta pantan sou NOU tankou yon vòlè.

[5] NOU tout, se pitit limyè NOU ye, pitit k ap viv lajounen. Nou pa moun k ap viv ni lannuit, ni nan fènwa.

[6] Donk, annou pa dòmi tankou lòt yo ap fè a! Okontrè, annou rete je klè! Annou pran tèt nou!

[7] Paske, moun k ap dòmi, se lannuit yo dòmi. Moun k ap sou, se lannuit yo sou.

[8] Men, nou menm ki se moun lajounen, pinga nou sou. Annou abiye nou ak lafwa ak lamou tankou se te ak yon kuiras. Annou mete esperans delivrans nou an tankou yon kas.

[9] Paske, se pa kòlè, Bondye sere pou nou, men se delivrans, grasa Senyè nou an, Jezi Kris.

[10] Se li ki te mouri pou nou dekwa pou nou ka viv avèk li, kit je nou klè, kit n ap dòmi.

[11] Donk, se pou NOU youn ankouraje lòt, se pou NOU youn edifye lòt. Dayè, se sa N ap fè deja.

[12] Men, frè nou yo, se pou NOU rekonèt moun k ap travay di pami NOU yo, moun k ap dirije NOU nan Senyè a, moun k ap avèti NOU yo.

[13] Akòz travay y ap fè pami NOU an, ba yo anpil konsiderasyon nan lamou. Se pou NOU viv nan lapè, youn avèk lòt.

[14] Frè nou yo, n ap ankouraje NOU pou NOU avèti moun ki deregle yo, pou NOU konsole moun ki dekouraje yo, pou NOU soutni moun ki fèb yo. Pran pasyans avèk tout moun.

[15] Veye pou NOU pa rann mal pou mal. Okontrè, se pou NOU toujou ap chèche fè byen ni youn pou lòt, ni pou tout moun.

[16] Se pou NOU toujou nan lajwa.

[17] Priye san rete.

[18] Rann Bondye gras nan tout sitiyasyon. Paske, se sa ki volonte Bondye pou NOU nan Jezi Kris.

[19] Pa etenn flanm Lespri a.

[20] Pa meprize pwofesi.

[21] Men, teste tout, epi kenbe sa ki bon.

[22] Egzante sa ki mal kèlkeswa jan l ye a.

[23] Se pou Bondye ki bay lapè a sangtifye NOU nèt. Epi, ni lespri NOU, ni nanm NOU, ni kò NOU, anfen NOU menm tout antye, se pou l kenbe yo san defo pou retou Jezi Kris, Senyè nou an.

[24] Sila ki rele NOU an, li fidèl. Se li menm tou k ap regle sa.

[25] Frè nou yo, priye pou nou.

[26] Salye tout frè yo ak bo, tankou sen dwe salye.

[27] M ap kòmande NOU, devan Senyè a, pou NOU li lèt sa a pou tout frè yo, yo menm ki sen.

[28] Gras Jezi Kris, Senyè nou an, avèk NOU! Amèn!

Premye lèt apot Pòl te ekri legliz Tesalonik la — Chapters