Skip to content
Opens in a new window

[1] Anfen, frè nou yo, NOU te aprann nan men mwen menm ak lòt yo kòman NOU dwe mache epi kòman NOU dwe fè Bondye plezi. Ebyen, mwen menm ak lòt yo, n ap mande NOU, n ap ankouraje NOU nan Senyè Jezi, pou NOU fè plis pwogrè nan sa toujou.

[2] Dayè, NOU konnen ki kalite kòmandman, mwen menm ak lòt yo, nou te ban NOU nan Senyè Jezi.

[3] Vrèmanvre, volonte Bondye sèke NOU dwe sen. Sa vle di, se pou NOU egzante imoralite.

[4] Se pou NOU chak konn kenbe kò NOU sen epi avèk onè,

[5] san NOU pa anba move dezi, anba move anvi, tankou payen yo ki pa konnen Bondye.

[6] Lè N ap fè yon afè avèk frè NOU, pinga NOU fè ni magouy, ni ava. Paske, nan tout bagay konsa, se Senyè a ki vanje moun. Dayè, mwen menm ak lòt yo, nou te di NOU e nou te deklare NOU sa davans.

[7] Paske, Bondye pa t rele nou pou nou vin nan salte. Okontrè, li rele nou pou nou sen.

[8] Donk, si yon moun derefize bagay sa yo, se pa lèzòm l ap derefize, men se Bondye, Bondye ki te ban NOU Lespri Sen l lan.

[9] Kanta pou renmen frè, ebyen NOU pa bezwen moun ekri NOU sou sa. Paske, se Bondye li menm ki te anseye NOU kòman NOU youn dwe renmen lòt.

[10] Dayè, se sa tou N ap fè avèk tout frè ki nan tout Masedwàn nan. Kanmenm, frè nou yo, mwen menm ak lòt yo, n ap ankouraje NOU pou NOU fè plis pwogrè nan sa toujou,

[11] pou tout anbisyon NOU se viv trankil, pou NOU okipe afè pa NOU, epi pou NOU travay ak pwòp men NOU jan, mwen menm ak lòt yo, nou te kòmande NOU fè a.

[12] Konsa, N a mache jan ki konvenab avèk moun deyò yo, epi NOU p ap nan okenn bezwen.

[13] Men, mwen menm ak lòt yo, nou pa ta vle pou NOU menm, frè nou yo, NOU pa konnen sa k ap rive moun ki mouri yo. Paske, san pa sa, N a gen menm chagren ak rès lòt moun yo, moun ki san esperans yo.

[14] Vrèmanvre, nou kwè Jezi te mouri epi li te resisite. Ebyen, se menm jan an tou Bondye va mennen moun ki mouri yo tounen grasa Jezi epi ansanm avèk li.

[15] Dayè, sa n ap di NOU la a, se daprè yon pawòl Senyè a. Sèke, nou menm k ap la vivan lè retou Senyè a, nou p ap pran devan moun ki mouri yo.

[16] Paske, lè sa a, ap gen yon lòd, yon vwa akanj ak twonpèt Bondye a k ap sonnen. Epi, Senyè a li menm ap desann sot nan syèl la. Epi, moun ki te mouri nan Kris yo ap resisite an premye.

[17] Apre sa, nou menm k ap rete vivan yo, yon nyaj ap rape nou ansanm avèk yo, pou n al rankontre Senyè a anlè a. Epi, se konsa n ap toujou avèk Senyè a.

[18] Se pou NOU youn ankouraje lòt avèk pawòl sa yo.

Premye lèt apot Pòl te ekri legliz Tesalonik la — Chapters