[1] Pòl, Silven ak Timote. Legliz Tesalonisyen yo, NOU menm ki nan Papa Bondye ak nan Senyè Jezi Kris, se pou gras ak lapè ki soti nan Bondye Papa nou ak nan Senyè Jezi Kris avèk nou.
[2] Se tout tan n ap rann Bondye gras pou NOU tout. Wi, nou nonmen non NOU nan priyè nou.
[3] Se san rete, n ap sonje devan Bondye Papa nou, jan NOU menm Tesalonisyen, lafwa NOU travay, jan lamou NOU trimen, jan esperans NOU nan Senyè Jezi Kris rete fèm.
[4] Frè nou yo, NOU menm Bondye renmen anpil yo, Bondye chwazi NOU. E, mwen menm ak lòt yo, nou konnen sa.
[5] Paske, levanjil nou an, se pa avèk pawòl sèlman li te rive kote NOU nan Tesalonik, men tou, se te avèk pisans, avèk Lespri Sen an, epi avèk anpil asirans. Dayè, NOU menm Tesalonisyen, NOU konnen, akòz NOU menm, kijan mwen menm ak lòt yo, nou te ye pami NOU.
[6] E, NOU menm Tesalonisyen, NOU te imite ni nou menm, ni Senyè a, dèske NOU te resevwa pawòl la anba anpil tribilasyon, avèk lajwa Lespri Sen an.
[7] Konsa, NOU te vin yon modèl pou tout moun nan Masedwàn ak nan Akayi ki te vin gen lafwa.
[8] Dayè, se pa nan Masedwàn ak nan Akayi sèlman pawòl Senyè a soti lakay NOU al sonnen. Okontrè menm, se toupatou nouvèl lafwa NOU genyen nan Bondye a rive. Kifè, mwen menm ak lòt yo, nou pa menm bezwen di pèsonn anyen.
[9] Paske, se yo k ap rakonte konsènan mwen menm ak lòt yo, kòman NOU menm Tesalonisyen, NOU te byen resevwa nou. Y ap rakonte kòman NOU te vire al jwenn Bondye: NOU kite zidòl pou NOU sèvi Bondye vivan an, vre Bondye a,
[10] epitou, pou NOU tann Pitit li a sot nan syèl la, Pitit li te resisite pami mò yo, Jezi, sila ki delivre nou anba kòlè ki pral vini an.