Skip to content
Opens in a new window

[1] Pòl, Silven ak Timote. NOU menm nan Legliz Tesalonisyen yo, NOU menm ki nan Bondye Papa a ak nan Senyè Jezi Kris,

[2] se pou gras ak lapè ki soti nan Bondye Papa nou ak nan Senyè Jezi Kris avèk NOU.

[3] Mwen menm ak lòt yo, nou dwe rann Bondye gras tout tan pou NOU menm, frè nou yo. Dayè, se nòmal. Paske, lafwa NOU ap grandi, epi lamou NOU tout NOU genyen youn pou lòt la ap ogmante.

[4] Se sa k fè, mwen menm ak lòt yo, nou fè lwanj NOU devan tout legliz Bondye yo, poutèt andirans ak lafwa NOU genyen nan mitan tout pèsekisyon ak tribilasyon NOU te sipòte yo.

[5] E, sa se yon prèv ki montre jijman Bondye yo jis. Paske konsa, li va konsidere NOU merite wayòm Bondye a. Dayè, se pou wayòm sa a N ap soufri.

[6] Epitou, lè Bondye voye tribilasyon sou moun k ap fè NOU pase anba tribilasyon yo, lè li soulaje mwen menm ak lòt yo ansanm avèk NOU menm ki anba tribilasyon yo, ebyen, devan Bondye, sa se yon bagay ki jis. E, lè l ap fè sa, Senyè Jezi ap parèt nan syèl la ansanm avèk zanj li yo ki pisan.

[8] L ap parèt nan mitan yon flanm dife pou l fè jijman tonbe sou moun ki pa konnen Bondye yo ak sou moun ki pa obeyi levanjil Senyè nou an, Jezi Kris.

[9] Y ap sibi yon chatiman, kote y ap detui pou letènite, y ap lwen prezans Senyè a, y ap lwen glwa pouvwa li a.

[10] Se nan jou sa a Senyè a ap vini pou li jwenn glwa nan sen li yo, pou li jwenn admirasyon nan tout moun ki kwè nan li yo, sa vle di NOU menm tou, paske NOU te kwè sa mwen menm ak lòt yo te temwaye a.

[11] Se sa k fè tou, mwen menm ak lòt yo, se tout tan n ap priye pou NOU, dekwa pou Bondye nou an ka fè NOU merite apèl la. N ap priye tou dekwa pou, nan pisans li, li ka akonpli tout bon bagay NOU vle epi nenpòt travay lafwa NOU ap fè.

[12] Konsa, non Jezi, Senyè nou an, va jwenn glwa nan NOU. E, NOU menm tou, NOU va jwenn glwa nan li, daprè gras Bondye nou ak Senyè Jezi Kris.

Dezyèm lèt apot Pòl te ekri legliz Tesalonik la — Chapters