Skip to content
Opens in a new window

[1] Vrèmanvre, NOU menm frè yo, NOU konnen lè NOU te aksepte mwen menm ak lòt yo, sa pa t initil.

[2] Okontrè, kòm NOU konnen, anvan sa, yo te fè nou soufri, yo te avili nou nan Filip. Kanmenm, nou te jwenn asirans nan Bondye pou nou preche NOU levanjil Bondye a, devan anpil opozisyon.

[3] Dayè, nou pa t fè egzòtasyon nou an ni nan twonpe moun, ni nan move bagay, ni nan riz.

[4] Okontrè, menm jan Bondye te teste nou anvan li konfye nou levanjil la, se konsa tou, nou pa t preche pou nou fè lèzòm plezi, men pou nou fè Bondye ki te teste kè nou an plezi.

[5] Kòm NOU menm Tesalonisyen NOU konnen, vrèmanvre, nou pa t janm ni pale pou nou flate moun, ni chèche pretèks pou nou fè ava. Bondye temwen!

[6] Nonplis tou, nou pa t chèche glwa nan men lèzòm, kit se te nan men NOU menm Tesalonisyen, kit se te nan men lòt moun. Kòm apot Kris, nou ta kapab sou kont NOU.

[7] Okontrè, tankou yon manman k ap ancheri pwòp pitit li, nou te aji ak dousè pami NOU.

[8] Tèlman nou te gen afeksyon pou NOU, Tesalonisyen, se pa levanjil Bondye a sèlman nou te pran plezi ban NOU, men se te pwòp nanm nou tou, tank nou te vin renmen NOU.

[9] Dayè, NOU menm frè yo, NOU ka sonje kòman, mwen menm ak lòt yo, nou te redi, kòman nou te trimen. Vrèmanvre, lajounen kon lannuit, nou te travay pou nou te ka pa t sou kont pèsonn, e, nou te preche NOU levanjil Bondye a.

[10] Ni NOU menm Tesalonisyen, ni Bondye, temwen kòman mwen menm ak lòt yo, nou te konpòte tèt nou yon jan ki dwat, ki jis, ki san repwòch pami NOU menm ki vin gen lafwa yo.

[11] Dayè, NOU konnen jan mwen menm ak lòt yo, nou te ye avèk NOU chak. Tankou yon papa ak pwòp pitit li, nou te ankouraje NOU, nou te konsole NOU, nou te egzòte NOU

[12] pou NOU mache jan Bondye merite l la, li menm ki rele NOU vin nan wayòm li ak nan glwa li.

[13] E, se poutèt sa tou, n ap rann Bondye gras san rete. Paske, lè NOU te resevwa pawòl mwen menm ak lòt yo te anonse a, NOU pa t resevwa l tankou pawòl lèzòm, men, NOU te resevwa l tankou sa li ye toutbon vre a, tankou pawòl Bondye k ap travay nan NOU menm ki gen lafwa yo.

[14] Vrèmanvre, frè nou yo, nan konsa, NOU vin imite legliz Bondye yo ki nan Jezi Kris, legliz ki nan Jide yo. Sa vle di, NOU sibi anba sitwayen parèy NOU yo menm sa, yo menm, yo te sibi anba Juif yo.

[15] E, se Juif yo ki te tiye ni Senyè Jezi, ni pwòp pwofèt yo. Se yo menm tou ki pèsekite mwen menm ak lòt yo. Se yo menm tou ki p ap fè Bondye plezi. Se yo k ap fè tout moun opozisyon

[16] epi k ap anpeche nou pale ak moun lòt nasyon yo pou yo te ka sove. Nan konsa, yo toujou ap plen mezi peche yo ra bouch. Men, alafen, yo jwenn ak kòlè Bondye.

[17] Frè nou yo, mwen menm ak lòt yo, nou sevre NOU yon kadè. Men, se figi nou ki lwen, se pa kè nou. Nou fè anpil efò pou nou satisfè dezi sa a nou genyen an pou nou wè figi NOU.

[18] Mwen menm ak lòt yo, nou te vle al lakay NOU. Mwen menm Pòl, mwen te eseye plizyè fwa. Men, Satan te anpeche nou.

[19] Dayè, kisa ki esperans nou? Kisa ki lajwa nou? Kisa ki kouwòn nou epi ki lwanj nou devan Senyè nou an, Jezi, lè li retounen? Èske se pa NOU menm, Tesalonisyen?

[20] Wi, se NOU menm ki glwa nou epi ki jwa nou!

Premye lèt apot Pòl te ekri legliz Tesalonik la — Chapters