Skip to content
Opens in a new window

[1] Se sa k fè, lè nou pa t ka sipòte ankò, sa te fè nou plezi pou nou rete Atèn poukont nou,

[2] epi pou nou voye Timote. Li se frè nou, li se sèvitè Bondye, e l ap travay ansanm avèk nou nan levanjil Kris la. Nou te voye l fòtifye NOU epi ankouraje NOU nan lafwa NOU,

[3] dekwa pou tribilasyon sa yo pa t rive boulvèse pèsonn. Dayè, NOU menm Tesalonisyen, NOU konnen se pou sa, mwen menm ak lòt yo, nou la.

[4] Vrèmanvre, lè nou te kote NOU an, nou te di NOU davans nou t apral sibi tribilasyon. Kòm NOU menm Tesalonisyen, NOU konnen, ebyen, se konsa sa te pase.

[5] Se poutèt sa, mwen menm tou, lè mwen pa t ka sipòte ankò, mwen voye Timote al chèche konnen kijan lafwa NOU ye, kòmkwa si tantatè a pa t rive tante NOU. Si sa te rive, ebyen se t ap pou anyen mwen menm ak lòt yo, nou te redi travay.

[6] Men kounye a, Timote sot lakay NOU, li tounen kote mwen menm ak lòt yo. Li ban nou bon nouvèl sou jan lafwa NOU ak lamou NOU ye, sou jan NOU toujou ap nonmen non nou an byen, epi sou jan NOU anvi wè nou. Ebyen, mwen menm ak lòt yo, nou anvi wè NOU, menm jan an tou.

[7] Se poutèt sa, frè nou yo, lafwa NOU fè mwen menm ak lòt yo jwenn ankourajman nan mitan tout tribilasyon ak detrès nou yo.

[8] Kifè, se kounye a n ap viv! Paske, NOU menm Tesalonisyen, NOU kanpe fèm nan Senyè a.

[9] Vrèmanvre, ala remèsiman nou kapab bay Bondye pou NOU poutèt lajwa, mwen menm ak lòt yo, nou genyen devan Bondye nou an, grasa NOU menm.

[10] Lajounen kon lannuit, mwen menm ak lòt yo, nou sipliye li anpil, dekwa pou nou ta ka wè figi NOU menm Tesalonisyen yo, dekwa tou pou nou ta ka ajoute sa lafwa NOU manke.

[11] Men, se pou Bondye Papa a li menm epi Senyè nou an, Jezi Kris, ouvri chemen pou nou ka al kote NOU nan Tesalonik.

[12] E, menm jan, mwen menm ak lòt yo, nou renmen NOU an, se konsa tou pou Senyè a fè lamou NOU genyen youn pou lòt la ak lamou NOU genyen pou tout moun nan ogmante, se pou li fè li depase mezi.

[13] Epitou, se pou li fòtifye kè NOU. Konsa, lè Senyè nou an Jezi Kris va tounen avèk tout sen li yo, kè NOU va sen epi li va san repwòch devan Bondye Papa nou.

Premye lèt apot Pòl te ekri legliz Tesalonik la — Chapters