Skip to content
Opens in a new window

[1] NOU menm, mèt yo, se pou nou aji avèk sèvitè NOU yo nan jistis ak ladwati. Paske, NOU konnen, NOU menm tou, NOU gen yon Mèt nan syèl la.

[2] Pèsevere nan lapriyè. Veye pou NOU fè sa avèk remèsiman.

[3] An menm tan, priye pou nou tou, dekwa pou Bondye ka ouvè yon pòt pou pawòl nou an. Konsa, m a ka preche mistè Kris la. Dayè, se poutèt sa, mwen nan chenn.

[4] E, konsa tou, m a preche li aklè kòmsadwa.

[5] Mache ak sajès nan rapò NOU avèk moun deyò yo. Pinga NOU gaspiye tan NOU.

[6] Se pou pawòl NOU toujou gen gras ladan l, se pou l sizonnen ak sèl. Konsa, N a konnen kijan NOU dwe reponn chak moun.

[7] Kanta pou kijan mwen ye, Tichik a fè NOU konnen tout bagay. Li se frè byenneme mwen, li se yon sèvitè fidèl, epi li se esklav Senyè a ansanm avèk mwen.

[8] Se pou sa menm, mwen voye l kote NOU; se pou NOU ka konnen kijan nou ye epi pou li ka konsole kè NOU.

[9] Li avèk Onezim, ki se yon frè ki fidèl, yon byenneme. Dayè, se moun lakay NOU li ye. Y a fè NOU konnen tout sa k ap pase isit la.

[10] Aristak, ki se prizonye ansanm avèk mwen, voye salye NOU. Mak, kouzen Banabas la, voye salye NOU tou. Konsènan li menm, NOU te resevwa lòd deja. Si li vini kote NOU an, se pou NOU byen resevwa l.

[11] Jezi, sa yo rele Jistis la, voye salye NOU tou. Pami moun ki sikonsi yo, se moun sa yo sèlman k ap travay ansanm avèk mwen pou wayòm Bondye a. Yo se yon ankourajman pou mwen.

[12] Epafras, ki se moun lakay NOU, voye salye NOU. Se yon sèvitè Kris k ap redi tout tan pou NOU nan lapriyè, dekwa pou NOU ka kanpe fèm, pou NOU ka total, epi pou NOU ka ranpli ak volonte Bondye a tout jan.

[13] M ap bay temwayaj sa a sou li: Li gen anpil devouman, ni pou NOU, ni pou moun Lawodise yo, ni pou moun Yerapolis yo.

[14] Doktè Lik, ki se byenneme nou, voye salye NOU. Demas voye salye NOU tou.

[15] Salye frè ki Lawodise yo. Salye Nenfas tou, ansanm ak legliz ki lakay li a.

[16] Lè yo fin li lèt sa a kote NOU, fè dekwa pou yo li l nan legliz Lawodise a tou. NOU menm tou, N a li lèt k ap soti Lawodise a.

[17] Epi, di Achip konsa: Fè atansyon pou w akonpli ministè ou te resevwa nan men Senyè a.

[18] Se mwen menm, Pòl, ki ekri salitasyon sa a ak pwòp men mwen. Sonje mwen nan chenn. Gras Bondye avèk NOU. Amèn!

Lèt apot Pòl te ekri legliz Kolòs la — Chapters