[1] Pou ansyen ki pami nou yo, kòm se ansyen mwen ye menm jan avèk yo, kòm mwen temwen soufrans Kris yo, e kòm m ap patisipe nan glwa ki pral parèt la tou, men sa m ap ankouraje yo fè:
[2] Pran swen mouton Bondye ki pami nou yo, veye sou yo! Pa fè l paske yo fòse nou, men, fè l paske nou vle. Pa fè l an magouyè nonplis, men, fè l ak tout kè nou.
[3] Nonplis tou, pa fè l tankou nou te yon diktatè sou moun ki sou kont nou yo, men, fè l tankou bèje mouton yo.
[4] Epi, lè Bèje an Chèf la va parèt, li va rekonpanse nou ak yon kouwòn glwa, yon kouwòn ki pa ka fennen.
[5] Menm jan an tou, nou menm ki pi jèn yo, se pou nou soumèt devan ansyen yo. Nou tout, se pou nou youn soumèt devan lòt. Sèvi ak imilite kòm tabliye. Paske, Bondye kenbe tèt ak awogan yo. Men, moun ki rabese tèt yo, Bondye ba yo gras.
[6] Donk, se pou nou rabese tèt nou anba fòs men Bondye. Konsa, lè li tan pou li leve nou, l a leve nou.
[7] Lage tout tèt chaje nou yo sou li, paske se li k ap pran swen nou.
[8] Pran tèt nou! Veye! Lènmi nou an, djab la, ap siyonnen nou tankou yon lyon k ap gwonde k ap chèche yon moun pou li devore.
[9] Rete fèm nan lafwa nou, kenbe tèt avèk li! Epi, konnen Bondye egzije pou frè nou yo, ki nan monn nan, pase nan menm soufrans sa yo.
[10] Men, apre nou fè yon ti soufri, Bondye ki sous tout gras la, Bondye ki te rele nou nan Jezi Kris pou n al nan glwa etènèl li a, l ap fòme nou, l ap fòtifye nou, l ap fè nou solid, l ap ban nou fondasyon.
[11] Glwa avèk fòs pou Bondye, pou le tan e letènite. Amèn!
[12] Mwen ekri nou de mo sa yo grasa Silven. Daprè rezònman pa m, li se yon frè ki fidèl. E, mwen ekri pou mwen ankouraje nou epi pou mwen temwaye se sa ki vre gras Bondye a. Kanpe fèm ladan l!
[13] Dam ki Babilòn lan, sa Bondye chwazi menm jan avèk nou an, ni li menm ni Mak, ki se pitit gason mwen, voye salye nou.
[14] Se pou nou youn salye lòt avèk bo nan lamou. Lapè avèk nou tout ki nan Jezi Kris. Amèn!