Skip to content
Opens in a new window

[1] Donk, se pou nou debarase kò nou avèk tout kalite malfezans, avèk tout kalite riz, avèk ipokrizi, avèk anvi, epi avèk tout kalite medizans.

[2] Epi, tankou timoun ki fenk fèt, se pou nou anvi lèt san dekoupe a, sa vle di, pawòl la. Konsa, nou va grandi,

[3] a kondisyon nou te goute jan Senyè a bon.

[4] Li se wòch vivan an, wòch lèzòm derefize a epi Bondye li menm chwazi a, wòch li bay enpòtans lan. Lè nou pwoche kote li,

[5] nou menm tou, nou bati tèt nou tankou anpil wòch vivan pou nou vin yon kay espirityèl, yon gwoup sakrifikatè ki sen, dekwa pou nou ka ofri Bondye sakrifis espirityèl l ap aksepte grasa Jezi Kris.

[6] Se poutèt sa, gen yon kote nan Lekriti ki di: Gade! Nan Siyon, M ap mete yon wòch kwen, yon wòch mwen chwazi, yon wòch ki enpòtan. Moun ki kwè nan li p ap wont ditou.

[7] Donk onè sa a se pou nou li ye, nou menm ki kwè nan li a. Men, pou moun rebèl yo, Lekriti di: Wòch moun ki t ap bati yo jete a, Se li ki vin wòch prensipal la, wòch kwen an.

[8] Epi ankò: Yon wòch k ap fè moun bite, Epi yon gwo wòch k ap fè moun tonbe. Nan fè rebèl ak pawòl la, moun sa yo tonbe. E se sa tou ki te desten yo.

[9] Men, nou menm, nou se yon ras moun Bondye chwazi, nou se yon wayòm sakrifikatè, nou se yon nasyon ki sen, nou se yon pèp ki se pwopriyete prive Bondye. Nou konsa dekwa pou nou ka montre bon kalite li genyen, li menm ki rele nou sot nan fènwa pou nou vin nan mèvèy limyè a.

[10] Se sa nou ye, nou menm ki pa t yon pèp anvan sa, men ki vin pèp Bondye kounye a; wi, nou menm ki pa t jwenn pitye, men ki jwenn pitye kounye a.

[11] Byenneme mwen yo, m ap ankouraje nou tankou moun ki depasaj epi ki etranje. Se pou nou egzante dezi lachè k ap fè nanm nou lagè.

[12] Konpòte tèt nou byen pami lòt nasyon yo. Konsa, menm lè y ap pale nou mal kòmsi se malfektè nou te ye, ebyen, lè yo konsidere bon zèv nou yo, yo va bay Bondye glwa, jou li vizite yo.

[13] Donk, poutèt Senyè a, se pou nou soumèt nou anba tout otorite lèzòm tabli, kit se otorite wa ki la kòm souvren,

[14] kit se otorite gouvènè ki la kòm komisè Bondye pou pini malfektè epi pou fè lwanj moun k ap fè sa ki byen.

[15] Paske, se konsa volonte Bondye ye, sa vle di: Nan fè sa ki byen, nou fèmen bouch moun ki sòt epi ki san konesans.

[16] Viv an moun lib. Men, pa pran libète a tankou yon kouvèti pou malfezans. Okontrè, viv tankou esklav Bondye.

[17] Onore tout moun. Renmen tout frè. Genyen krentif pou Bondye. Onore wa a.

[18] Nou menm sèvitè yo, se pou nou soumèt anba mèt nou avèk krentif tout jan. Pa fè sa pou mèt ki bon epi ki dous yo sèlman. Men, fè sa pou sa ki kòwonpi yo tou.

[19] Paske, si poutèt konsyans yon moun devan Bondye, moun nan sipòte lapenn anba soufrans ki enjis, ebyen, sa se yon gras.

[20] Vrèmanvre, si nou peche epi nou andire lè yo toupizi nou pou sa, ki glwa ki genyen la a? Men, si nou fè sa ki byen epi nou andire soufrans pou sa, se sa ki yon gras devan Bondye.

[21] Dayè, se pou sa menm, Bondye te rele nou. Paske, Kris te soufri pou nou tou. Konsa, li kite yon modèl pou nou, dekwa pou nou ka suiv tras li.

[22] Li menm, Li pa t fè peche. Nonplis tou, yo pa t jwenn riz sot nan bouch li.

[23] Li menm, lè yo te joure l, li pa t joure tou. Lè li te soufri, li pa t menase moun. Men, li te remèt tèt li nan men sila ki jije avèk jistis la.

[24] Li menm, li pote peche nou yo nan kò li, sou bwa a. Konsa, nou mouri parapò ak peche pou nou viv pou jistis. Se grasa blese li yo, nou geri.

[25] Paske, nou te tankou mouton pèdi. Men, kounye a, nou tounen jwenn sila ki se Bèje ak Gadyen nanm nou an.

Premye lèt apot Pyè te ekri a — Chapters