[1] Simon Pyè, sèvitè Jezi Kris ak apot li. Nou menm ki te resevwa yon lafwa ki gen menm valè avèk pa nou an, grasa jistis sila ki Bondye nou epi ki Sovè nou an, Jezi Kris,
[2] se pou gras ak lapè avèk nou an kantite, daprè jan nou konnen Bondye ak Jezi, Senyè nou.
[3] Grasa pisans li kòm Bondye, li fè nou kado tout bagay ki ta itil ni lavi, ni devosyon yon moun pou Bondye. Li fè sa, grasa konnen nou konnen sila a ki te rele nou nan glwa li ak nan bon kalite li.
[4] Grasa bagay sa yo, li pwomèt l ap fè nou kado gwo bagay ki gen valè. Konsa, grasa yo, nou te chape anba koripsyon ki nan lemonn akòz move dezi, epi nou vin patisipe nan nati Bondye.
[5] Men, se poutèt sa pou nou fè tout efò nou tou. Anplis lafwa nou, se pou nou ajoute bon kalite. Epi, ajoute konesans sou bon kalite a.
[6] Epi, ajoute disiplin sou konesans lan. Epi, ajoute andirans sou disiplin nan. Epi, ajoute devosyon sou andirans lan.
[7] Epi, ajoute lamou pou frè nou sou devosyon an. Epi, ajoute lamou sou lamou pou frè nou.
[8] Vrèmanvre, si nou posede bagay sa yo epi y ap ogmante nan nou, yo p ap kite nou san nou pa travay oubyen san nou pa gen rezilta, pou nou byen konnen Senyè nou an, Jezi Kris.
[9] Paske, yon moun ki pa genyen bagay sa yo nan li, li tankou yon avèg, li pa wè lwen, li bliye jan Bondye te pirifye l anba ansyen peche li yo.
[10] Poutèt sa, frè mwen yo, pito nou fè efò pou nou fèm nan jan Bondye te rele nou an ak nan jan li te chwazi nou an. Paske, lè nou fè bagay sa yo, nou p ap janm bite.
[11] Vrèmanvre, se konsa Bondye ap ban nou mwayen pou nou antre lib nan wayòm etènèl Senyè nou an, Sovè nou an, Jezi Kris.
[12] Se poutèt sa, menm si nou deja konnen bagay sa yo, menm si nou fèm nan verite nou te resevwa a, mwen p ap manke pou mwen toujou fè nou sonje yo.
[13] Toutotan mwen nan tant sa a, mwen konsidere sa kòm yon bagay ki jis, pou mwen fè nou sonje bagay k ap reveye nou.
[14] Paske mwen konnen, talè konsa, Bondye ap wete m nan tant sa a. Se sa menm, Senyè nou Jezi Kris te montre m.
[15] Men, m ap fè efò pou nou ka toujou sonje bagay sa yo apre mwen pati.
[16] Paske, lè mwen menm ak lòt yo, nou te fè nou konnen pisans ak retou Senyè nou an Jezi Kris, nou pa t suiv lejann moun envante. Okontrè, nou te temwen lè grandè li te parèt.
[17] Vrèmanvre, li te resevwa onè ak glwa nan men Bondye Papa a. Lè sa a, yon kalite vwa ki soti nan Gwo Glwa a di li konsa: «Li menm, li se Pitit byenneme m nan. Li fè m plezi anpil.»
[18] Vwa sa a ki te sot nan syèl la, se li, mwen menm ak lòt yo, nou te tande a. Lè sa a, nou te sou mòn sakre a ansanm avèk Senyè a.
[19] Kifè, pawòl pwofesi, mwen menm ak lòt yo, nou genyen an pi fèm. E, nou menm tou, n ap byen fè, si nou gade li tankou se te yon lanp k ap klere yon kote ki fènwa. Gade li jiskaske jou louvri, jiskaske etwal di maten leve nan kè nou.
[20] Toudabò, se pou nou konnen pa genyen okenn pwofesi nan Lekriti ki se pwòp esplikasyon yon moun.
[21] Paske, se pa nan volonte moun, pwofesi janm soti. Men, moun ki sen, moun ki moun Bondye, te pale daprè jan Lespri Sen te dirije yo.