Skip to content
Opens in a new window

[1] Donk, menm jan Kris te soufri nan kò li pou nou an, nou menm tou, se dispozisyon sa a pou nou genyen kòm zam. Paske, moun ki soufri nan kò yo, yo fini avèk peche.

[2] Konsa, pandan rès tan y ap viv nan kò a, yo p ap viv daprè dezi lèzòm ankò, men, daprè volonte Bondye.

[3] Paske, tan ki pase yo ase pou nou, tan lè tout lavi nou se te fè volonte payen yo, se te mache nan libètinaj, nan move dezi, nan bwè tafya, nan banbòch, nan banbilay, epi nan fè malpwòpte pou zidòl.

[4] Yo twouve sa dwòl dèske nou p ap kouri al nan lavalas debòch ansanm avèk yo ankò. Donk, yo denigre nou.

[5] Ebyen, sila ki pare pou li jije ni moun vivan ni moun mouri a, yo va gen pou yo rann li kont.

[6] Dayè, se pou sa menm, li te anonse moun ki mouri yo levanjil la, se te dekwa pou li te ka jije kò yo tankou yo jije moun, epi pou yo te ka viv nan lespri tankou Bondye viv.

[7] Tout bagay prèt pou fini. Donk, pran sans nou, pran tèt nou pou nou ka lapriyè.

[8] Anvan tout bagay, se pou nou youn renmen lòt san rete. Paske, lamou kouvri yon bann peche.

[9] Se pou nou youn resevwa lòt lakay nou san plenyen.

[10] Kòm nou chak, nou resevwa don, se pou nou youn sèvi lòt avèk don yo tankou moun k ap byen administre divès gras Bondye yo.

[11] Sa vle di, si yon moun ap pale, fòk se tankou se pawòl Bondye l ap pale. Si yon moun ap sèvi, fòk se tankou se ak fòs Bondye bay l ap sèvi. Konsa, nan tout bagay, Bondye va jwenn glwa, grasa Jezi Kris. Glwa avèk fòs pou Jezi Kris pou le tan e letènite. Amèn!

[12] Byenneme mwen yo, pa panse sa dwòl dèske eprèv vin sou nou tankou yon dife ki nan mitan nou. Pa pran sa kòmsi se te yon bagay dwòl k ap rive nou.

[13] Okontrè, toutotan n ap patisipe nan soufrans Kris yo, se pou nou nan lajwa. Konsa, lè glwa Kris va parèt, nou va rejwi avèk anpil jwa.

[14] Si se pou non Kris y ap avili nou, benediksyon pou nou! Paske, lè sa a, Lespri ki se laglwa a, Lespri Bondye a, poze sou nou. Yo menm, yo denigre l. Men, nou menm, nou ba li glwa.

[15] Vrèmanvre, pinga pèsonn nan nou kite se poutèt li se asasen, oubyen poutèt li se vòlè, oubyen poutèt li se malfektè, oubyen ankò poutèt l ap mele nan afè moun, ki fè l ap soufri.

[16] Men, si se poutèt li se yon kretyen ki fè l ap soufri, li pa bezwen wont. Okontrè, se pou li bay Bondye glwa poutèt sa.

[17] Paske, tan jijman an rive. L ap kòmanse ak moun kay Bondye yo. Men, si se avèk nou menm an premye li kòmanse, ki ka moun ki rebèl ak levanjil la menm? Epitou,

[18] Si moun ki jis se anba traka yo sove, e mechan ak pechè yo menm, ki kote yo gad?

[19] Donk, moun k ap soufri daprè volonte Bondye yo, se pou yo remèt nanm yo nan men Bondye Kreyatè a ki fidèl. Se pou yo kontinye fè sa ki byen.

Premye lèt apot Pyè te ekri a — Chapters