[1] Menm jan an tou, nou menm madanm, se pou nou soumèt devan mari nou. Konsa, menm si kèk nan yo ta rebèl ak pawòl la, konpòtman madanm yo va konvenk yo san pawòl,
[2] lè yo va konsidere kòman nou konpòte tèt nou yon jan ki pwòp epi avèk krentif.
[3] Epi, nou menm tou, se pa òneman sou deyò, tankou gwo kwafi ak bijou ann ò oubyen rad chè, pou nou genyen.
[4] Sa pou nou genyen se òneman ki kache nan kè moun, òneman ki pa ka gate a, òneman ki se yon lespri ki dou epi ki trankil. Sa gen anpil valè devan Bondye.
[5] Paske, lontan, madanm ki sen epi ki met espwa yo nan Bondye, se òneman sa a yo te genyen. Yo te soumèt devan mari yo.
[6] Se menm jan ak Sara. Li te konn obeyi Abraam jis li rele Abraam «Senyè!» Si nou fè sa ki byen, si nou pa pè anyen twouble nou, se pitit fi Sara nou vin ye.
[7] Menm jan an tou, nou menm mari, se pou nou viv avèk madanm nou avèk konsiderasyon, paske fi gen kò pi fèb. Onore yo, dekwa pou anyen pa jennen priyè nou, paske se eritye gras lavi a yo ye menm jan avèk nou.
[8] Anfen, se pou nou tout viv ann amoni, avèk menm santiman, avèk lamou tankou frè, avèk afeksyon youn pou lòt, epi tankou zanmi.
[9] Pa rann mal pou mal, ni joure pou joure. Okontrè, se pou nou beni moun. Paske, nou konnen se pou sa menm, Bondye te rele nou, pou nou te ka resevwa benediksyon kòm eritaj.
[10] Vrèmanvre, si yon moun vle renmen lavi Epi li vle wè jou li yo bon, Se pou l sispann di sa ki mal ak lang li, Se pou l sispann fè rize ak bouch li.
[11] Se pou l evite sa ki mal, epi pou l fè sa ki byen. Se pou l chèche lapè, se pou l rapousuiv li.
[12] Paske, je Senyè a veye sou moun ki jis, Epi zòrèy li koute priyè yo. Men, Senyè a detounen figi l sou moun k ap fè mal.
[13] Epitou, si n ap imite sa ki byen, kilès k ap maltrete nou?
[14] Dayè, menm si nou soufri akòz sa ki jis, benediksyon pou nou. Pa pè sa lèzòm pè. Pa twouble.
[15] Men, sangtifye Bondye, Senyè a, nan kè nou. Toujou pare pou nou defann tèt nou devan tout moun ki mande nou rezon poutèt esperans ki nan nou an. Men, fè l avèk dousè epi avèk krentif.
[16] Epitou, se pou konsyans nou klè. Konsa, moun sa yo k ap denigre bon konpòtman nou gen nan Kris la, menm lè y ap pale nou mal kòmsi se malfektè nou te ye, se yo menm ankò k ap soti wont.
[17] Vrèmanvre, si se volonte Bondye pou nou soufri, pito nou soufri akòz nou fè sa ki byen pase pou se ta akòz nou fè sa ki mal.
[18] Paske, menm Kris te soufri pou peche nou yo yon fwa pou tout. Sa vle di, yon moun jis soufri nan plas moun ki pa jis, dekwa pou li te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò, men li te vin vivan nan Lespri.
[19] E, se nan menm Lespri a li te al preche lespri ki nan prizon yo,
[20] lespri ki te rebèl lontan yo. Lè sa a, nan jou Noe yo, pasyans Bondye t ap tann lach la fin bati. Se ladan l, yon ti ponyen moun, uit antou, te chape anba dlo a.
[21] Dlo sa a se yon senbòl jan batèm sove nou kounye a tou. Li pa wete salte lachè. Men, li se angajman yon bon konsyans devan Bondye, grasa rezirèksyon Jezi Kris.
[22] Epi, Jezi Kris monte nan syèl. Li adwat Bondye. Zanj, otorite, pisans, tout soumèt devan li.