[1] Tout moun ki kwè Jezi se Kris la, se nan Bondye yo pran nesans. E, tout moun ki renmen sila ki bay nesans la, yo dwe renmen moun ki pran nesans nan li a tou.
[2] Men kijan nou konnen nou renmen pitit Bondye yo: Se lè nou renmen Bondye epi nou obeyi kòmandman li yo.
[3] Vrèmanvre, se sa ki lamou Bondye, se lè nou obeyi kòmandman li yo. E, kòmandman li yo pa yon chay!
[4] Paske, tout moun ki pran nesans nan Bondye, yo genyen laviktwa sou lemonn. E, laviktwa ki genyen laviktwa sou lemonn nan se lafwa nou!
[5] Kilès ki genyen laviktwa sou lemonn? Se moun ki kwè Jezi se Pitit Bondye, pa vre?
[6] Se li menm, Jezi Kris, ki te vini ak dlo epi ak san. Se pa t nan dlo sèlman. Okontrè, se te nan dlo ak nan san. Se Lespri a k ap temwaye sa, paske Lespri a se laverite.
[7] Vrèmanvre, genyen twa k ap temwaye nan syèl la: Papa a, Pawòl la ak Lespri Sen an. E, yo touletwa se youn.
[8] E, genyen twa k ap temwaye sou latè: Lespri a, dlo a ak san an. E, yo touletwa dakò.
[9] Si nou resevwa temwayaj lèzòm, ebyen, temwayaj Bondye a pi gran. Paske, se sa ki temwayaj Bondye te temwaye sou Pitit li a.
[10] Moun ki kwè nan Pitit Bondye a genyen temwayaj la nan yo menm. Moun ki pa kwè nan Bondye, yo fè Bondye pase pou mantè. Paske, yo pa t kwè nan temwayaj Bondye te bay sou Pitit li a.
[11] Men sa temwayaj la ye: Bondye ban nou lavi etènèl. Lavi a se nan Pitit la li ye.
[12] Moun ki genyen Pitit la, yo genyen lavi. Moun ki pa genyen Pitit Bondye a, yo pa genyen lavi.
[13] Nou menm ki kwè nan non Pitit Bondye a, mwen ekri nou bagay sa yo, dekwa pou nou ka konnen nou genyen lavi etènèl, epi pou nou ka kwè nan non Pitit Bondye a.
[14] Sa a se konfyans nou genyen nan li: Si nou mande li yon bagay ki nan volonte li, li koute nou.
[15] Si nou konnen tout sa nou mande, li koute nou, ebyen, nou konnen sa nou te mande l la, nou genyen li.
[16] Si yon moun wè frè li ap fè peche ki pa mennen nan lanmò, li dwe priye. Epi, moun ki fè peche ki pa mennen nan lanmò a, Bondye va ba li lavi. Genyen peche ki mennen nan lanmò. Se pa pou sa mwen di pou yo priye a.
[17] Tout sa ki pa jis se peche. Men, genyen peche ki pa mennen nan lanmò.
[18] Nou konnen tout moun ki pran nesans nan Bondye pa peche. Okontrè, moun ki te pran nesans nan Bondye yo kenbe tèt yo. Epi, Mechan an pa manyen yo.
[19] Nou konnen se moun Bondye nou ye. Men, lemonn antye kouche nan men Mechan an.
[20] Nou konnen Pitit Bondye a te vini. Li te ban nou bon konprann pou nou konnen sila ki vre a. Nan Jezi Kris, Pitit li a, nou nan sila ki vre a. Se li menm ki vre Bondye a. Li se lavi etènèl.
[21] Timoun yo, veye tèt nou ak zidòl. Amèn!