[1] Byenneme, se pa tout lespri nou dwe kwè. Men, teste lespri yo pou nou wè si se nan Bondye yo soti. Vrèmanvre, genyen anpil fo pwofèt ki vini nan lemonn.
[2] Se konsa nou va konnen Lespri Bondye a, sèke tout lespri ki deklare Jezi se Kris la ki te vini nan yon kò, se nan Bondye yo soti.
[3] E, tout lespri ki pa deklare Jezi se Kris la ki te vini nan yon kò, se pa nan Bondye yo soti, e se yo menm ki lespri antekris la. Nou te tande l ap vini, ebyen kounye a, li nan lemonn deja.
[4] Nou menm, timoun, se nan Bondye nou soti. Nou deja genyen laviktwa sou yo. Paske, sila ki nan nou an pi fò pase sila ki nan lemonn nan.
[5] Yo menm, se moun lemonn yo ye. Se poutèt sa yo pale daprè lemonn epi lemonn koute yo tou.
[6] Nou menm, nou se moun Bondye. Moun ki konnen Bondye koute nou. Moun ki pa moun Bondye pa koute nou. Se konsa nou rekonèt lespri verite a ak lespri manti a.
[7] Byenneme, se pou nou youn renmen lòt. Paske, lamou soti nan Bondye. E tout moun ki genyen lamou, se nan Bondye yo pran nesans. Yo konnen Bondye.
[8] Moun ki pa genyen lamou pa konnen Bondye. Paske, Bondye se lamou.
[9] Men kijan Bondye te montre nou lamou li: Bondye te voye sèl Pitit li a nan lemonn pou nou ka viv nan li.
[10] Se konsa lamou an ye, sèke se pa nou menm ki te renmen Bondye. Men, se li menm ki te renmen nou. E li te voye Pitit li a kòm yon sakrifis satisfaksyon pou peche nou yo.
[11] Byenneme, si Bondye renmen nou konsa, nou menm tou, nou youn dwe renmen lòt.
[12] Pèsonn pa janm wè Bondye. Si nou youn renmen lòt, Bondye rete nan nou, epi lamou li vin total nan nou.
[13] Nan konsa, nou konnen nou rete nan li epi li rete nan nou, paske li ban nou nan Lespri li a.
[14] Nou menm, men sa nou te wè, men sa n ap temwaye: Papa a te voye Pitit la pou li sove lemonn.
[15] Moun ki deklare Jezi se Pitit Bondye a, Bondye rete nan li, li rete nan Bondye.
[16] Nou menm, nou konnen lamou Bondye genyen pou nou. Nou kwè ladan l. Bondye se lamou. Moun ki rete nan lamou, li rete nan Bondye, Bondye rete nan li.
[17] Se konsa Bondye fè lamou li vin total nan nou, dekwa pou nou ka genyen konfyans nan jou jijman an. Paske, menm jan li menm, li ye a, se konsa nou menm, nou ye nan monn sa a.
[18] Nan lamou, pa gen kè kase. Okontrè, lamou ki total la mete kè kase deyò. Paske, se pinisyon ki mennen kè kase. Yon moun ki gen kè kase, lamou Bondye pa total nan li.
[19] Nou menm, nou renmen l, paske li te renmen nou an premye.
[20] Si yon moun di «Mwen renmen Bondye!» epi li rayi frè li, se mantè li ye. Paske, si frè l li ka wè a li pa renmen l, kòman li kapab fè renmen Bondye li pa wè a?
[21] Men kòmandman nou resevwa nan men li: Yon moun ki renmen Bondye, li dwe renmen frè l tou!