[1] Mwen menm ansyen an. Ou menm, Kiriya, Bondye chwazi a, ou menm ansanm ak pitit ou yo, mwen renmen nou nan laverite poutèt verite ki rete nan nou epi ki va avèk nou pou letènite a. E se pa mwen menm sèl ki renmen nou, men se tout moun ki konnen verite a.
[3] Gras, pitye ak lapè avèk nou! Papa Bondye ak Pitit Papa a, Senyè Jezi Kris, va ban nou yo nan laverite ak nan lamou.
[4] Mwen te kontan anpil lè mwen te jwenn kèk nan timoun ou yo ap mache nan laverite, daprè kòmandman nou resevwa nan men Papa a.
[5] Kounye a, Kiriya, men sa m ap mande w: Se pou nou youn renmen lòt! Mwen pa ekri sa kòmsi se te yon nouvo kòmandman. Okontrè, se yon kòmandman nou genyen depi o kòmansman.
[6] Men sa lamou ye: Se pou nou mache daprè tout kòmandman Papa a. E, men sa kòmandman an ye: Se pou nou mache nan lamou, menm jan nou te tande depi o kòmansman an.
[7] Paske, anpil moun vini nan lemonn pou twonpe moun. Yo pa rekonèt Jezi Kris te vini nan yon kò. Se yo k ap twonpe moun epi ki antekris la.
[8] Fè atansyon dekwa pou nou pa pèdi rezilta travay nou, men okontrè, pou nou resevwa rekonpans toutantye!
[9] Tout moun ki pran devan epi ki pa rete nan ansèyman Kris la, yo pa gen Bondye. Yon moun ki rete nan ansèyman Kris la, li genyen ni Papa a, ni Pitit la.
[10] Si yon moun vini kote nou epi li pa pote ansèyman sa a, pa resevwa l lakay nou. Pa di li «respè!» nonplis!
[11] Paske, si nou di li «respè!», nou patisipe nan move travay li yo.
[12] Mwen genyen anpil bagay pou mwen ta ekri nou. Mwen pa vle fè sa sou papye ak lank. Okontrè, mwen espere ale kote nou pou mwen pale fasafas avèk nou. Konsa, lajwa nou va total.
[13] Sè w la Bondye chwazi a, pitit li yo salye ou. Amèn!