Skip to content
Opens in a new window

[1] Gade ki kalite lamou Papa a ban nou! Li rele nou pitit Bondye. Se poutèt sa lemonn pa konnen nou, poutèt yo pa konnen li tou.

[2] Byenneme, kounye a, se pitit Bondye nou ye. Sa nou pral ye a poko parèt. Men, nou konnen lè li va parèt, nou va menm jan avèk li. Paske, n a va wè li, menm jan li ye.

[3] E, tout moun ki genyen esperans sa a nan li, yo pirifye tèt yo menm jan, li menm, li pwòp la.

[4] Tout moun ki fè peche, yo fè rebèl ak lalwa tou. Peche se fè rebèl ak lalwa.

[5] Li menm, nou konnen li te parèt pou li wete peche nou yo. E nanpwen peche nan li!

[6] Tout moun ki rete nan li pa peche. Tout moun ki peche pa t ni wè li, ni konnen li.

[7] Timoun, pinga pèsonn twonpe nou. Menm jan li menm, li jis la, moun ki fè sa ki jis, yo jis tou.

[8] Moun ki fè peche, se nan djab la yo soti. Vrèmanvre, depi o kòmansman, djab la ap peche. E se pou sa Pitit Bondye a te parèt, se te pou li te ka defèt travay djab la.

[9] Tout moun ki pran nesans nan Bondye pa fè peche. Paske, semans lavi Bondye rete nan yo. E yo pa kapab peche, paske se nan Bondye yo pran nesans.

[10] Se konsa pitit Bondye ak pitit djab la parèt aklè. Tout moun ki pa fè sa ki jis, moun ki pa renmen frè yo, se pa nan Bondye yo soti.

[11] Men mesaj nou te tande depi o kòmansman an: Se pou nou youn renmen lòt.

[12] Non, se pa menm jan ak Kayen. Li menm, li te soti nan Mechan an, epi li tiye frè li. E poukisa li te tiye li? Se paske aksyon li yo te move aksyon, alòske pa frè li yo te jis.

[13] Frè mwen yo, si lemonn rayi nou, pa sezi!

[14] Nou menm, nou soti nan lanmò vini nan lavi. Nou konnen sa paske nou renmen frè nou yo. Yon moun ki pa renmen frè li, li rete nan lanmò toujou.

[15] Tout moun ki rayi frè yo, se asasen yo ye. E nou konnen okenn asasen pa genyen lavi etènèl rete nan yo.

[16] Se konsa nou konnen lamou, sèke li menm, li te bay lavi li pou nou. Nou menm tou, nou dwe bay lavi nou pou frè yo.

[17] Men, si yon moun genyen byen nan lemonn, li wè frè li nan bezwen, epi li fèmen kè li sou frè a, kòman lamou Bondye rete nan moun sa a la a?

[18] Timoun mwen yo, se pa nan pawòl ak nan bouch pou nou renmen. Okontrè, se nan aksyon ak laverite.

[19] Se konsa nou konnen nou se moun verite a. E, nenpòt jan kè nou ta kondane nou, nou va bay kè nou asirans devan li. Paske, Bondye pi fò pase kè nou. Li konnen tout bagay.

[21] Byenneme, si kè nou pa kondane nou, nou genyen konfyans devan Bondye.

[22] E, paske nou obeyi kòmandman li yo, paske nou fè sa ki fè li plezi, ebyen, tout sa nou mande li, nou va resevwa yo nan men li.

[23] Men sa ki kòmandman li a: Se pou nou kwè nan non Pitit li a, Jezi Kris. Epitou, menm jan ak kòmandman li te bay la, se pou nou youn renmen lòt.

[24] Moun ki kenbe kòmandman li yo rete nan li, li rete nan yo. Se konsa nou konnen li rete nan nou, se daprè Lespri li ban nou an.

Premye lèt apot Jan te ekri a — Chapters