[1] Timoun mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou ka pa peche. Si yon moun ta peche, nou genyen yon Avoka kote Papa a: Se Jezi Kris, li jis.
[2] Se li menm ki sakrifis satisfaksyon pou peche nou yo. E, se pa pou peche nou yo sèlman, men se pou peche lemonn antye tou.
[3] Si nou kenbe kòmandman li yo, se konsa nou va konnen nou konnen li.
[4] Yon moun ki di «Mwen konnen li!» epi ki pa obeyi kòmandman li yo, li se yon mantè! Verite a pa nan li.
[5] Men, yon moun ki obeyi pawòl li, lamou Bondye vin total nan moun sa a toutbon vre. Se konsa nou konnen nou nan li.
[6] Menm jan, li menm, li te mache a, moun sa a ki di li rete nan li a, se konsa tou li dwe mache.
[7] Frè mwen yo, se pa yon nouvo kòmandman m ap ekri ban nou. Okontrè, se yon ansyen kòmandman, nou te genyen depi o kòmansman. Ansyen kòmandman an se pawòl, nou te tande depi o kòmansman an.
[8] Epoutan, se yon nouvo kòmandman m ap ekri ban nou, youn ki vre ni nan li ni nan nou. Vrèmanvre, fènwa a ap pase. Vre limyè a deja ap klere.
[9] Yon moun ki di li nan limyè a epi ki rayi frè li, se nan fènwa li ye jis kounye a.
[10] Yon moun ki renmen frè li, li rete nan limyè. Li pa lakòz pèsonn chite.
[11] Men, yon moun ki rayi frè li, se nan fènwa li ye. L ap mache nan fènwa, li pa konnen kote li prale. Paske, fènwa bouche je li.
[12] Timoun, mwen ekri nou, paske Bondye padone peche nou yo poutèt non li.
[13] Papa yo, mwen ekri nou, paske nou konnen sila ki te la depi o kòmansman an. Jennjan, mwen ekri nou, paske nou genyen laviktwa sou Mechan an. Jèn timoun, mwen ekri nou, paske nou konnen Papa a.
[14] Papa yo, mwen te ekri nou, paske nou konnen sila ki te la depi o kòmansman an. Jennjan, mwen te ekri nou, paske nou genyen kouraj, pawòl Bondye a rete nan nou, epi nou genyen laviktwa sou Mechan an.
[15] Pa renmen lemonn, ni anyen ki nan lemonn. Si yon moun renmen lemonn, lamou Papa a pa nan li.
[16] Tout sa ki nan lemonn se dezi lachè ak dezi je ak awogans nan lavi. Vrèmanvre, se pa kote Papa a yo soti, men se nan lemonn.
[17] Ni lemonn, ni dezi lemonn yo ap pase. Men, moun ki fè volonte Bondye, y ap rete pou letènite.
[18] Timoun yo, se dènye è a. Menm jan nou te tande Antekris la ap vini an, ebyen, kounye a, anpil antekris deja vini. Donk, nou konnen se dènye è a.
[19] Yo soti pami nou, men yo pa t avèk nou. Paske, si yo te avèk nou, yo ta rete avèk nou. Okontrè, yo soti dekwa pou sa ka klè se pa tout moun ki avèk nou!
[20] Nou menm, nou resevwa onksyon nan men sila ki Sen an. Nou konnen tout bagay.
[21] Se pa paske nou pa konnen verite a ki fè mwen ekri nou. Okontrè, se paske nou konnen li, epi se paske se pa nan verite a okenn manti soti.
[22] Kilès ki mantè a? Èske se pa sila ki nye Jezi se Kris la? Yon moun ki nye Papa a ak Pitit la, se li menm ki antekris la.
[23] Tout moun ki nye Pitit la, yo pa genyen Papa a nonplis.
[24] Alò, nou menm, sa nou te tande depi o kòmansman an, se pou li rete nan nou. Si sa nou te tande depi o kòmansman an rete nan nou, nou menm tou, nou va rete ni nan Pitit la, ni nan Papa a.
[25] E, men pwomès, li menm, li te fè nou: Se lavi etènèl!
[26] Mwen te ekri nou bagay sa yo konsènan moun k ap twonpe nou yo.
[27] Nou menm, onksyon nou te resevwa nan men l lan, li rete nan nou. Nou pa bezwen pèsonn anseye nou. Okontrè, onksyon an se laverite. Li pa yon manti. Jan li te anseye nou sou tout bagay la, menm jan li te anseye nou an, nou menm, rete nan li.
[28] Kounye a, timoun yo, nou dwe rete nan li. Konsa, lè li va parèt, nou va genyen konfyans, e lè li va vini, nou p ap wont devan li.
[29] Si nou konnen li jis, ebyen, se pou nou konnen tout moun ki fè sa ki jis se nan li yo te pran nesans.