[1] Sa ki te la depi o kòmansman an, sa nou te tande a, sa je nou te wè a, sa nou te gade a, sa men nou te manyen an, li konsène Pawòl Lavi a.
[2] Lavi a te parèt. Nou te wè li. N ap temwaye li. N ap anonse nou lavi etènèl ki te avèk Papa a epi ki te parèt devan nou an.
[3] Sa nou te wè a, sa nou te tande a, n ap anonse nou li pou nou menm tou, nou ka genyen kominyon avèk nou. Men tou, kominyon nou an se avèk Papa a ak Pitit li a, Jezi Kris, li ye.
[4] Epi, n ap ekri bagay sa yo tou, pou lajwa nou ka total.
[5] Men mesaj nou te tande li di, n ap anonse nou li: Sèke Bondye se limyè, e nanpwen fènwa ditou nan li!
[6] Si nou di nou genyen kominyon avèk li, alòske n ap mache nan fènwa, nou manti. Nou pa pratike verite a.
[7] Men, si nou mache nan limyè a menm jan, li menm, li nan limyè a, nou genyen kominyon youn ak lòt. Epitou, san Jezi Kris, Pitit li a, pirifye nou anba tout peche.
[8] Si nou di nou san peche, se tèt nou n ap twonpe. Verite a pa nan nou.
[9] Si nou konfese peche nou yo, kòm li fidèl epi li jis, l ap padone peche nou yo, epi l ap pirifye nou anba tout sa ki pa jis.
[10] Si nou di nou pa peche, nou fè li pase pou mantè. Pawòl li pa nan nou.