[1] Byenneme mwen yo, sa deja fè dezyèm lèt m ap ekri nou. Nan toulede, mwen fè nou sonje bagay ki pou reveye lide nou ki sensè.
[2] Konsa, nou va sonje ni pawòl pwofèt sakre yo te predi yo, ni sa apot nou yo te di nou Senyè a, Sovè a, te kòmande.
[3] Toudabò, men sa pou nou konnen: Nan dènye jou yo, gen mokè k ap parèt, k ap mache daprè pwòp dezi yo,
[4] epi k ap di: «Kote pwomès retou li a la a? Paske, depi zansèt yo fin mouri, tout bagay rete menm jan yo te ye depi kòmansman kreyasyon an.»
[5] Vrèmanvre, se vle yo pa vle rekonèt syèl la te la depi lontan epi pawòl Bondye te fòme latè nan dlo e avèk dlo,
[6] epi nan konsa tou, monn ki te egziste lè sa a te peri, paske dlo te anvayi l.
[7] Alòske, daprè menm pawòl li a, li sere syèl ak tè ki la kounye yo pou dife; li kenbe yo pou jou l ap jije epi l ap detui moun mechan yo.
[8] Men, byenneme mwen yo, sa a nou pa ka pa rekonèt li: Sèke pou Senyè a, yon jou tankou milan, milan tankou yon jou.
[9] Senyè a pa mize nan akonpli pwomès li yo, daprè sa kèk moun konsidere ki se mize. Men, li pran pasyans poutèt nou menm. Paske, li pa ta renmen pou pèsonn peri. Okontrè, li ta renmen pou tout moun rive repanti.
[10] Men, jou Senyè a ap rive tankou yon vòlè ki vin vòlè lannuit. Jou sa a, syèl la ap disparèt avèk yon gwo bri. Tout matyè ap fonn anba chalè. Epi, latè ansanm ak tout travay ki te fèt ladan l ap konsonmen.
[11] Kòm tout bagay sa yo gen pou yo fonn, ala sen nou dwe sen nan konpòtman nou ak nan devosyon nou
[12] pandan n ap tann epi n ap prese pou jou Bondye a rive! Jou sa a, syèl la ap fonn anba dife. Tout matyè ap vin likid anba chalè.
[13] Men, daprè pwomès li, n ap tann yon nouvo syèl ak yon nouvo latè kote jistis ap abite.
[14] Donk, byenneme mwen yo, pandan n ap tann bagay sa yo, fè efò pou yo jwenn nou nan lapè, san defo, san tach.
[15] Epi, konsidere pasyans Senyè nou an tankou yon delivrans. Se menm bagay la tou frè byenneme nou Pòl te ekri nou, daprè sajès Bondye ba li.
[16] Dayè, se konsa li fè nan tout lèt li yo, lè li pale de bagay sa yo. Gen kèk pwen nan lèt li yo ki difisil pou moun konprann. E, moun inyoran, moun ki pa fèm, tòde sans yo, menm jan yo fè ak rès Lekriti. Nan konsa, se pwòp tèt yo y ap detui.
[17] Donk, byenneme mwen yo, kòm nou menm, nou konnen bagay sa yo davans, veye pou erè moun deregle yo pa charye nou pou fè nou chwe lwen kote nou menm, nou fèm nan.
[18] Men, se pou nou grandi nan gras ak nan konesans Senyè nou an, Sovè nou an, Jezi Kris. Glwa pou li depi kounye a ak pou letènite. Amèn!