Skip to content
Opens in a new window

[1] Se poutèt sa, byenneme ak byen chè frè mwen yo, nou menm ki lajwa mwen ak kouwòn mwen, o byenneme, rete fèm nan Senyè a!

[2] M ap ankouraje Evodi, e m ap ankouraje Sentich, pou yo gen menm santiman nan Senyè a.

[3] Ou menm tou, ki se yon vre kòlèg, ede yo. Yo menm ansanm ak Kleman ak rès kolaboratè mwen yo ki gen non yo nan Liv Lavi a te lite ansanm avèk mwen pou levanjil la.

[4] Se pou nou toujou rejwi nan Senyè a. Ban m repete l ankò: Se pou nou toujou rejwi!

[5] Se pou tout moun konnen jan nou dou. Senyè a pre vini.

[6] Pa chaje tèt nou ak anyen. Okontrè, nan tout bagay, se pou nou fè Bondye konnen rekèt nou yo nan lapriyè ak siplikasyon, ansanm avèk remèsiman.

[7] Epi, lapè Bondye, ki depase tout konprann nan, va veye sou kè nou ak lespri nou, nan Jezi Kris.

[8] Anfen, frè mwen yo, tout bagay ki vre, tout bagay ki respektab, tout bagay ki jis, tout bagay ki pwòp, tout bagay ki bèl, tout bagay ki kòrèk, depi se yon bagay ki dwat e depi se yon bagay ki merite lwanj, ebyen se sou yo pou nou mete lide nou.

[9] Ni sa nou te aprann epi nou te resevwa nan men mwen, ni sa nou te tande m di, ni sa nou te wè nan mwen, fè yo. Epi, Bondye ki bay lapè a va avèk nou.

[10] Men, mwen te nan lajwa anpil nan Senyè a dèske, anfen, nou te rive fè santiman nou gen pou mwen an fleri. Sa te nan lide nou, men, se okazyon an nou pa t jwenn.

[11] Alò, se pa paske mwen nan nesesite, ki fè m ap di sa. Paske, mwen aprann kontante nan nenpòt sitiyasyon mwen twouve m.

[12] Mwen konnen mizè, e mwen konnen richès. Tout tan e toupatou, mwen aprann viv ni nan vant plen ni nan grangou, ni nan richès ni nan nesesite.

[13] Grasa Kris ki ban mwen fòs, mwen gen kouraj pou tout bagay.

[14] Kanmenm, nou te byen fèt patisipe avè m nan tribilasyon m nan.

[15] Dayè, menm nou menm Filipyen, nou konnen sa: Lè m te fèk kòmanse preche levanjil la lakay nou epi mwen t ap kite Masedwàn, okenn legliz pa t patisipe ni nan afè depans mwen, ni nan don anvè mwen, eskepte nou menm sèl.

[16] Menm lè mwen te Tesalonik la, an de fwa, nou te voye sa mwen te bezwen pou mwen.

[17] Alò, se pa kado m ap chèche. Okontrè, m ap chèche fwi ki ka donnen pou byen nou.

[18] Men, mwen menm, mwen resevwa tout sa mwen bezwen, e mwen rich. Lè mwen te resevwa sa nou te voye yo nan men Epafwodit, sa te fin plen m nèt. Se te tankou yon odè pafen, yon sakrifis Bondye aksepte epi ki fè li plezi.

[19] E, Bondye m nan ap founi nou tout sa nou bezwen, daprè richès li, nan laglwa, nan Jezi Kris.

[20] Glwa pou Bondye Papa nou pou le tan e letènite. Amèn!

[21] Salye tout sen yo nan Jezi Kris. Frè ki avè m yo voye salye nou.

[22] Tout sen yo voye salye nou, sitou sa ki kay Seza yo.

[23] Gras Senyè Jezi Kris avèk nou tout! Amèn!

Lèt apot Pòl te ekri legliz ki nan vil Filip la — Chapters