Skip to content
Opens in a new window

[1] Anfen, frè mwen yo, se pou nou rejwi nan Senyè a. Pou mwen, sa pa nui mwen pou mwen ekri nou menm bagay yo. Men, pou nou, se yon pwoteksyon.

[2] Wi, fè atansyon ak chen yo! Fè atansyon ak moun k ap fè mal yo! Fè atansyon ak swadizan sikonsi yo!

[3] Paske, vre moun ki sikonsi yo se nou menm. Vrèmanvre, se daprè Lespri Bondye nou fè sèvis pou Bondye. Se Jezi Kris ki lwanj nou. E, se pa nan lachè nou mete konfyans nou.

[4] Epoutan, se mwen menm ki pou ta mete konfyans mwen nan lachè. Wi, si lòt moun panse yo ka mete konfyans yo nan lachè, ebyen, pou mwen menm, se ta plis toujou.

[5] Paske, mwen sikonsi sou uityèm jou. Mwen se ras Izrayèl. Mwen soti nan tribi Benjamen. Mwen se Juif, pitit Juif. Kanta pou lalwa, se Farizyen mwen ye.

[6] Kanta pou devouman, mwen pèsekite legliz. Kanta pou jistis lalwa mande a, mwen san repwòch.

[7] Men, bagay sa yo ki te yon benefis pou mwen, se menm yo menm nan, mwen konsidere tankou yon defisi, akòz Kris.

[8] Okontrè menm, konnen Jezi Kris, Senyè mwen, tèlman siperyè, mwen konsidere tout bagay tankou yon defisi. Akòz li menm, mwen fè defisi sou tout bagay. E, mwen menm konsidere yo tankou fatra, dekwa pou mwen ka benefisye Kris,

[9] epi dekwa pou yo ka jwenn mwen nan li. Sa vle di, mwen p ap gen jistis pa mwen, sa ki soti nan lalwa a. Men, m ap gen jistis, moun jwenn grasa lafwa yo nan Kris, jistis ki soti nan Bondye daprè lafwa a.

[10] Epi ankò, mwen konsidere yo konsa, dekwa pou mwen ka konnen ni li menm, ni pisans ki resisite l la, ni patisipasyon nan soufrans lanmò l la. Konsa, m a konfòm avèk li nan lanmò li,

[11] epi si sa posib, m ap rive, jis lè mò yo ap resisite.

[12] Sa pa vle di mwen resevwa bagay sa yo deja oubyen mwen fin total deja. Men, m ap pousuiv yo pou mwen mete men sou yo. Dayè, Jezi Kris deja mete men sou mwen.

[13] Frè mwen yo, pou mwen menm, mwen pa konsidere mwen mete men sou yo deja. Men, yon sèl bagay m ap fè, se bliye sa ki dèyè, pouse pou sa ki devan,

[14] epi m ap pousuiv bi a pou gran pri ki nan apèl Bondye fè m nan syèl la, nan Jezi Kris.

[15] Donk, nou tout ki total yo, se pou nou gen menm santiman an. E, si nou menm, nou ta panse kèk bagay yon lòt jan, menm sa a, Bondye ap revele nou li.

[16] Sèlman, nan pwen nou rive la a, se pou nou mache daprè menm prensip, e se pou nou gen menm santiman.

[17] Frè mwen yo, se pou nou imite mwen. Epi, se pou nou suiv moun k ap mache daprè egzanp nou jwenn nan mwen an.

[18] Paske, gen anpil moun, se an lènmi kwa Kris la y ap mache. Mwen te di nou sa plizyè fwa deja, e kounye a, m ap di l ankò ak dlo nan je:

[19] Moun sa yo, se nan peri y ap peri a fen yo ye; se vant yo ki bondye yo; e se sa ki fè wont ki glwa yo. Se bagay sou latè ase ki nan lide yo.

[20] Alòske, nou menm, nou se sitwayen syèl la, kote Sovè n ap tann nan ap soti, sa vle di Senyè Jezi Kris.

[21] Daprè pouvwa ki fè l kapab soumèt tout bagay anba l la, l ap transfòme kò mizè nou genyen an, pou li fè li konfòm ak kò li ki nan laglwa.

Lèt apot Pòl te ekri legliz ki nan vil Filip la — Chapters