[1] Donk, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lamou, si gen kominyon grasa Lespri a, si gen afeksyon ak kè sansib,
[2] ebyen, fè lajwa mwen total, kòmkwa pou nou gen menm santiman. Sa vle di, se pou nou gen menm lamou, menm nanm, yon sèl santiman.
[3] Pa fè anyen akòz anbisyon oubyen nan granpanpan. Okontrè, nan imilite, chak moun dwe konsidere lòt, kòmsi lòt la te siperyè li.
[4] Pa chèche enterè nou sèlman. Okontrè, chak moun dwe chèche enterè lòt tou.
[5] Paske, menm santiman ki te nan Jezi Kris la, se li ki pou nan nou menm tou.
[6] Malgre li egziste nan menm nati ak Bondye, li pa t konsidere li dwe fè egoyis ak egal li te egal avèk Bondye a.
[7] Okontrè, li rabese tèt li: Li pran nati sèvitè, li vin pòtre ak moun.
[8] Epitou, li parèt sou menm fòm ak moun, e li rabese tèt li. Sa vle di, li obeyi rive jis nan lanmò, e lanmò sou lakwa ankò.
[9] Poutèt sa tou, Bondye leve li byen wo. E, li ba li yon Non ki sou tèt tout non.
[10] Konsa, tout jenou dwe koube devan Non Jezi, ni nan syèl, ni sou latè, ni nan latè!
[11] Konsa tou, tout lang dwe deklare Jezi Kris se Senyè, pou glwa Bondye Papa a.
[12] Kifè, frè byenneme mwen yo, menm jan nou te toujou obeyisan an, se pou nou fè delivrans nou travay avèk krentif epi avèk respè. E, se pa sèlman lè m la pou nou fè sa, men, se sitou kounye a, lè m pa la a.
[13] Paske, ni volonte pou travay, ni travay la li menm, se Bondye ki akonpli yo nan nou, daprè bon plezi li.
[14] Fè tout bagay san plenyen, san diskite.
[15] Konsa, n a san repwòch, n a inosan, n a pitit Bondye ki san defo nan mitan yon jenerasyon moun kòwonpi, moun pèvèti. Dayè, nan prezante pawòl lavi a, nou klere pami yo, tankou limyè nan lemonn.
[16] Konsa, nan jou Kris la, se va yon lwanj pou mwen dèske mwen pa t fè kous la pou anyen, ni tou, mwen pa t redi pou anyen.
[17] Okontrè, menm si mwen ta yon ofrann likid, Bondye vide sou sakrifis ak ofrann lafwa nou, ebyen, m ap rejwi, e m ap rejwi ansanm avèk nou tout.
[18] Nou menm tou, se pou nou rejwi, e se pou nou rejwi ansanm avèk mwen.
[19] Kifè, mwen espere nan Senyè Jezi, m ap voye Timote ban nou tousuit. Konsa, mwen menm tou, sa va ankouraje mwen, lè m a konnen jan bagay yo ye pou nou.
[20] Vrèmanvre, mwen pa gen pèsonn ki gen menm santiman an, kòmkwa pou yo ta chaje tèt yo toutbon vre akòz jan bagay yo ye pou nou an.
[21] Paske, yo tout, se bagay pa yo y ap chèche, se pa bagay Jezi Kris.
[22] Men, li menm, nou deja teste li, e nou konnen se tankou papa ak pitit li sèvi avèk mwen nan ministè levanjil la.
[23] Donk, depi mwen wè jan bagay yo ye pou mwen, mwen espere m ap voye li.
[24] Men, mwen gen konfyans nan Senyè a, mwen menm tou, m ap vini tousuit.
[25] Alò, mwen konsidere li nesesè pou mwen voye Epafwodit ban nou. Li se frè mwen, kolaboratè mwen, sòlda ansanm avèk mwen. Men tou, li se misyonè nou te voye pou sèvi m nan bezwen mwen.
[26] Dayè, li te anvi wè nou tout anpil, e li te gen kè sere dèske nou te tande li malad.
[27] Vrèmanvre, li te malad, prèt pou mouri. Men, Bondye te gen pitye pou li. E, se pa pou li sèlman Bondye te gen pitye, men, se pou mwen menm tou, dekwa pou mwen pa t gen lapenn sou lapenn.
[28] Donk, mwen prese voye li. Konsa, lè nou wè li ankò, n a rejwi, epi mwen menm, m a soulaje.
[29] Kifè, resevwa li nan Senyè a avèk yon lajwa total. Epitou, se pou nou bay moun konsa enpòtans.
[30] Paske, se akòz travay Kris la li te tou pre lanmò. Li riske lavi l pou li konplete sa ki te manke nan sèvis nou ta rann mwen.