Skip to content
Opens in a new window

[1] Pòl, apot Jezi Kris daprè volonte Bondye, epi frè Timote.

[2] NOU menm, frè nan Kolòs yo, ki sen epi ki fidèl nan Kris, se pou gras ak lapè ki soti nan Bondye Papa nou ak nan Senyè Jezi Kris avèk NOU.

[3] Se tout tan, lè n ap lapriyè, n ap rann Bondye gras pou NOU, li menm ki Papa Senyè nou an Jezi Kris.

[4] Vrèmanvre, nou tande kòman NOU menm nan Kolòs, NOU gen lafwa nan Jezi Kris ak lamou pou tout sen yo.

[5] E sa se akòz esperans Bondye sere pou NOU nan syèl la. NOU te tande pale de li depi lè pawòl verite a, depi lè levanjil la

[6] te rive kote NOU an. E, menm jan levanjil sa a ap donnen, menm jan l ap grandi nan lemonn antye a, se konsa l ap fè pami NOU tou. E sa se depi jou NOU te tande gras Bondye epi NOU te rekonèt li, daprè verite a.

[7] E, se konsa tou, byenneme Epafras, ki se yon ouvriye ansanm avèk nou bò isit la, te aprann NOU sa. Li se yon sèvitè Kris ki fidèl. Se pou NOU li la.

[8] Se li menm tou, ki te rakonte nou ki lamou, NOU menm nan Kolòs, NOU genyen nan Lespri a.

[9] Se poutèt sa, nou menm tou, depi jou nou te tande sa, nou pa sispann priye pou NOU; nou pa sispann mande Bondye pou li ranpli NOU ak konesans volonte li, nan tout kalite sajès ak bon konprann espirityèl.

[10] Konsa, NOU va mache jan Senyè a merite l, pou NOU fè l plezi tout jan. Sa vle di, N a donnen tout kalite bon zèv; N a grandi nan konnen Bondye;

[11] N a gen tout kalite pisans, daprè fòs glwa li, pou NOU gen tout kalite andirans ak pasyans;

[12] epi, nan lajwa, N a rann Papa a gras, li menm ki prepare NOU pou NOU gen pa NOU nan eritaj sen yo, nan limyè a.

[13] Se li ki delivre nou anba pouvwa fènwa a epi ki transfere nou nan wayòm Pitit byenneme l la.

[14] E, se nan Pitit la nou gen redanmsyon, nou gen padon pou peche nou.

[15] Li se imaj Bondye envizib la. Li se Premye Pitit sou tout lakreyasyon.

[16] Paske, se nan li Bondye kreye tout bagay, bagay ki nan syèl ak bagay ki sou latè, bagay ki vizib ak bagay ki envizib, kit se twòn, kit se souvren, kit se chèf, kit se otorite: Bondye kreye tout bagay grasa li epi pou li.

[17] Li anvan tout bagay. E, se nan li, tout bagay ret kole ansanm.

[18] Li se tèt kò a, sa vle di legliz. Li se kòmansman; li se Premye Pitit pami mò yo, dekwa pou nan tout bagay, se li ki gen premye plas.

[19] Paske, Totalite a ann antye pran plezi pou l abite nan li,

[20] epi pou l rekonsilye tout bagay avèk li menm, grasa li: Kit se bagay nan syèl, kit se bagay sou latè. Se grasa li, paske sou kwa a, li fè lapè grasa san li.

[21] NOU menm tou, yon lè, se etranje NOU te ye; NOU te lènmi nan lide NOU ak nan move travay NOU t ap fè yo.

[22] Men, kounye a, grasa lanmò li, li rekonsilye NOU nan kò li, sa vle di nan chè li. Li fè sa pou li ka prezante NOU sen, san defo, san repwòch devan je li.

[23] E, sa se si NOU rete nan lafwa, sa vle di, si NOU gen fondasyon, si NOU fèm, epi si NOU pa brannen nan esperans levanjil NOU te tande a. Se menm levanjil sa a y ap preche tout kreyati anba syèl la. E se sèvitè levanjil sa a mwen menm, Pòl, mwen vin ye.

[24] Kounye a, m ap rejwi nan sa m ap soufri pou NOU yo. E, m ap akonpli nan kò mwen, sa ki manke nan tribilasyon Kris yo, pou kò li ki se legliz.

[25] Se sèvitè legliz sa a mwen vin ye. Paske, Bondye ban mwen responsablite a pou NOU, pou m preche pawòl Bondye a okonplè,

[26] sa vle di, mistè ki te kache depi lontan epi pandan jenerasyon anvan yo. Men, kounye a, Bondye revele l bay sen li yo.

[27] Bondye te vle fè yo konnen ki valè glwa, mistè sa a ye pami NOU menm nan lòt nasyon yo, sa vle di: Kris nan NOU, se esperans glwa a.

[28] Se li menm n ap anonse. Kifè, n ap avèti tout moun, n ap anseye tout moun avèk tout sajès, dekwa pou tout moun nou prezante bay Bondye yo, se moun total yo ye nan Jezi Kris.

[29] E, se pou sa m ap travay di, m ap redi daprè fòs li k ap travay nan mwen ak pisans.

Lèt apot Pòl te ekri legliz Kolòs la — Chapters