[1] Donk, si NOU resisite ansanm avèk Kris, ebyen, se pou NOU chèche bagay anwo, kote Kris ye a, kote li chita adwat Bondye a.
[2] Mete lide NOU sou bagay ki anwo nan syèl. Pa mete lide NOU sou bagay ki sou latè.
[3] Paske, NOU mouri. E, lavi NOU kache ansanm avèk Kris nan Bondye.
[4] E, Kris, ki se lavi NOU, lè li va parèt, lè sa a tou, NOU va parèt ansanm avèk li nan laglwa.
[5] Donk, tout pati nan NOU ki se bagay latè, sa vle di, imoralite, salte, move dezi, epi avaris, ki se yon idolatri, fè yo tout mouri.
[6] Se akòz sa ki fè kòlè Bondye tonbe sou moun rebèl yo.
[7] E, se pami moun sa yo NOU t ap mache tou, lè NOU t ap viv nan menm bagay sa yo.
[8] Men, kounye a, se pou NOU debarase kò NOU tou avèk tout bagay sa yo, bagay tankou kòlè, move san, malfezans, denigre moun, epi mo sal ki ta ka soti nan bouch NOU.
[9] Pinga NOU youn ap bay lòt manti. Paske, NOU te dezabiye NOU ak ansyen moun NOU te ye a ansanm ak aksyon li yo.
[10] Men, NOU te abiye tèt NOU ak nouvo moun nan, sa Bondye ap renouvle nan konesans, daprè pòtre sila ki kreye l la.
[11] E la, pa gen ni Grèk ni Juif, ni sikonsi ni ensikonsi, ni etranje, oubyen gwo sore, oubyen esklav, oubyen moun lib. Okontrè, Kris se tout bagay; Kris nan yo tout.
[12] Donk, aji tankou moun Bondye chwazi, moun ki sen, moun ki se byenneme li; sa vle di, abiye NOU avèk afeksyon ak kè sansib, avèk bonte, avèk imilite, avèk dousè, epi avèk pasyans.
[13] Se pou NOU youn sipòte lòt. Si youn ta gen yon repwòch kont yon lòt, se pou l padone l. Menm jan Kris te padone NOU an, se konsa pou NOU fè tou.
[14] Anplis tout bagay sa yo, abiye NOU ak lamou. Li se ne ki fè NOU total.
[15] Se pou lapè Bondye domine nan kè NOU. Se poutèt sa Bondye te rele NOU pou NOU fè yon sèl kò. Epitou, genyen l rekonesans.
[16] Se pou pawòl Kris la abite nan NOU avèk tout richès li. Se pou NOU youn anseye lòt epi pou NOU youn avèti lòt ak sajès tout jan. Fè sa ak sòm ak kantik ak chante espirityèl. Se pou NOU chante pou Senyè a nan kè NOU, avèk remèsiman.
[17] Tout sa N ap fè, kit se avèk pawòl NOU, kit se avèk aksyon NOU, se pou NOU fè yo tout, nan non Senyè Jezi. E, grasa li, se pou NOU rann Bondye Papa a gras.
[18] NOU menm, madanm yo, se pou NOU soumèt devan mari NOU jan sa konvenab nan Senyè a.
[19] NOU menm mari, se pou NOU renmen madanm NOU. Epi, pa trete yo mal.
[20] NOU menm timoun, se pou NOU obeyi paran NOU nan tout bagay. Paske, sa fè Senyè a plezi.
[21] NOU menm papa, pa fawouche timoun NOU yo, dekwa pou yo pa dekouraje.
[22] NOU menm sèvitè, se pou NOU obeyi mèt NOU genyen sou latè yo nan tout bagay. Pa fè l devan je yo ase, kòmsi se ta lèzòm N ap fè plezi. Okontrè, fè l ak yon kè ki senp, nan krentif pou Bondye.
[23] Tout sa N ap fè, fè l ak tout nanm NOU, tankou si se pa pou lèzòm NOU t ap fè l, men, pou Senyè a.
[24] Paske, NOU konnen se yon eritaj N ap resevwa nan men Senyè a kòm rekonpans. Vrèmanvre, se Kris N ap sèvi.
[25] Men, yon moun k ap fè sa ki pa jis, l ap rekòlte mezi enjistis li a. E, Bondye pa nan patipri.