Skip to content
Opens in a new window

[1] Vrèmanvre, mwen ta renmen NOU konnen ki kalite redi m ap redi ni pou NOU, ni pou moun Lawodise yo, ni pou mezi moun ki poko wè figi m ak je yo.

[2] Tout sa, se dekwa pou kè yo ka jwenn konsolasyon, pou yo ka ini nan lamou; epi konsa, pou yo ka rich tout jan avèk asirans ki genyen nan bon konprann, dekwa pou yo ka konnen mistè Papa Bondye ak Kris la.

[3] Se nan Kris, tout richès sajès ak tout richès konesans kache.

[4] Mwen di sa, dekwa pou pèsonn pa twonpe NOU ak bèl diskou.

[5] Paske, menm si m pa avèk NOU nan kò mwen, men, nan lespri m, mwen la. E, mwen kontan wè, jan NOU rete nan lòd epi jan lafwa NOU fèm nan Kris.

[6] Donk, menm jan NOU te resevwa Jezi Kris, Senyè a, ebyen, mache nan li.

[7] Anrasinen NOU nan li. Bati lavi NOU sou li. Fè lafwa NOU fèm, menm jan yo te anseye NOU an. Fè remèsiman NOU debòde nan lafwa.

[8] Fè atansyon pou pèsonn pa pran tèt NOU ak filozofi epi ak trik initil ki baze sou koutim lèzòm, sou bagay preliminè lemonn, olye yo baze sou Kris.

[9] Alòske, se nan Kris, Totalite Bondye abite ann antye sou fòm yon kò.

[10] E, NOU total nan li, li menm ki sou tèt tout chèf ak sou tèt tout otorite.

[11] Se nan li, NOU sikonsi tou. E, se pa yon sikonsizyon men lèzòm fè, men se yon sikonsizyon ki wete kò peche lachè a, se sikonsizyon Kris la.

[12] Bondye antere NOU ansanm avèk li nan batèm. Li resisite NOU nan li tou epi ansanm avèk li. E, sa se grasa lafwa nan fòs Bondye ki resisite Kris pami mò yo.

[13] NOU menm, NOU te mouri akòz fot NOU yo epi akòz NOU pa t sikonsi nan chè NOU. Men, Bondye ban NOU lavi ansanm avèk li. Li fè nou gras pou tout fot nou yo.

[14] Li efase papye dèt ki te ekri kont nou an, papye ki te akize nou daprè dekrè Bondye yo. Li kloure l sou kwa a. E, konsa, li elimine l.

[15] Li dèz Ame chèf yo ak otorite yo. Li avili yo an piblik lè li te gen laviktwa sou yo sou kwa a.

[16] Donk, pèsonn pa dwe jije NOU sou kesyon manje ak kesyon bwè, oubyen sou kesyon fèt, oubyen nouvèl lin, oubyen jou saba.

[17] Bagay sa yo se lonbraj bagay ki te gen pou vini yo. Men, kò lonbraj la se Kris.

[18] Pa kite pèsonn eskanmòte rekonpans NOU an ak yon swadizan imilite avèk adorasyon zanj. Y ap fouye nan bagay yo pa wè. Yo gen yon ògèy initil, paske lachè pran lespri yo.

[19] Yo pa ret kole ak sila ki tèt la. Alòske, se nan li menm, tout pati kò a jwenn sipò ak inyon nan jwenti ak nan ne li yo. Konsa, Bondye va fè kò a grandi.

[20] Si NOU mouri ak Kris parapò ak bagay preliminè lemonn, poukisa N ap aji kòmsi se nan lemonn NOU t ap viv toujou? Poukisa N ap soumèt anba prensip tankou:

[21] «Pa pran!» «Pa goute!» «Pa manyen!»

[22] Yo tout se bagay k ap depafini lè yo sèvi avèk yo. Paske, se sou kòmandman ak doktrin lèzòm yo baze.

[23] Yo parèt tankou se te moun k ap fè adorasyon ak pwòp volonte yo, k ap fè imilite, epi k ap trete kò yo di. E, konsa vrèmanvre, yo gen yon aparans sajès. Men, an reyalite, yo san valè, paske se lachè ase y ap satisfè.

Lèt apot Pòl te ekri legliz Kolòs la — Chapters