Skip to content
Opens in a new window

[1] Donk, men sa m ap deklare w: Devan Bondye ak devan Senyè Jezi Kris ki pral jije ni vivan ni mò lè li parèt epi li tabli wayòm li an:

[2] Preche pawòl la. Pèsevere, kit bon tan, kit move tan. Ak tout pasyans ou, epi nan ansèyman w, konvenk moun, fè yo obsèvasyon, egzòte yo.

[3] Paske, yon tan ap vini kote moun p ap sipòte doktrin ki kòrèk la. Okontrè, zòrèy yo ap grate yo daprè pwòp dezi yo, epi y a anpile pwofesè pa yo.

[4] Yon bò, y ap detounen zòrèy yo sou verite a, epi yon lòt bò, y ap vire yo sou lejann.

[5] Men, ou menm, ou dwe modere nan tout bagay. Andire soufrans. Fè travay evanjelis. Akonpli ministè ou byen.

[6] Paske, mwen menm, mwen deja yon ofrann likid. E, tan pou m pati a ap pwoche.

[7] Mwen mennen yon bon batay. Mwen fini kous la. Mwen kenbe nan lafwa.

[8] Finalman, kouwòn jistis la ap tann mwen. Senyè a, ki se jij ki jis la, ap ban mwen li nan jou sa a. E, se pa mwen menm sèlman l ap bay li, men tou, se tout moun k ap renmen retou li.

[9] Fè dilijans pou w vini kote m tousuit.

[10] Paske, Demas abandone mwen, epi li pati Tesalonik, tèlman li renmen monn ki la kounye a. Kresan al Galasi. Tit al Dalmasi.

[11] Se Lik sèl ki la avè m. Pran Mak, mennen l vini avèk ou, paske li itil mwen nan ministè a.

[12] Mwen voye Tichik Efèz.

[13] Manto mwen te kite Twowas, kay Kapis la, lè w ap vini, pote l pou mwen ansanm ak liv yo, sitou pachemen yo.

[14] Aleksann, bòs fòjon an, fè m anpil mal. Senyè a va peye l travay li fè m yo.

[15] Pran prekosyon w avè l, paske li te fè pawòl nou yo anpil opozisyon.

[16] Premye fwa m t ap defann tèt mwen an, pèsonn pa t soutni mwen. Okontrè, tout moun te abandone m. Se pou Bondye pa met sa sou kont yo.

[17] Men, Senyè a te ede m, li te ban m fòs pou mwen ka fin pwoklame mesaj la epi pou tout moun lòt nasyon yo ka tande l. E, li te delivre m anba bouch lyon an.

[18] E, Senyè a ap delivre m anba tout move travay, epi l ap sove m pou mwen ka nan wayòm syèl la. Glwa pou li, pou le tan e letènite! Amèn.

[19] Salye Priska avèk Akilas ansanm ak moun kay Onezifò yo.

[20] Eras rete Korent. Men, mwen te kite Twofim malad Milè.

[21] Fè dilijans pou w vini anvan ivè. Ebilis, Pidens, Linis, Klodya ansanm ak tout frè yo voye salye w.

[22] Senyè Jezi Kris avèk lespri ou! Gras Bondye avèk nou! Amèn!

Dezyèm lèt apot Pòl te ekri Timote a — Chapters