Skip to content
Opens in a new window

[1] Pòl, sèvitè Bondye epi apot Jezi Kris, pou moun Bondye chwazi yo ka gen lafwa epi pou yo ka konnen verite ki konfòm ak devosyon pou Bondye a.

[2] E sa se poutèt esperans lavi etènèl la. Anvan tan letènite, Bondye ki pa ka manti a te pwomèt lavi etènèl sa a.

[3] Men, nan tan li te fikse a, li te demontre pawòl li nan mesaj li te konfye m, daprè dekrè Bondye Sovè nou.

[4] Tit, pitit lejitim mwen daprè lafwa nou genyen ansanm nan, se pou gras, pitye, avèk lapè ki soti kote Bondye Papa a ak Senyè Jezi Kris, Sovè nou, avèk ou.

[5] Men rezon ki fè mwen te kite w Krèt: Se pou w te ka mete rès bagay yo ann òd epi pou w te ka nonmen kèk ansyen nan chak vil, menm jan mwen te kòmande w la,

[6] a kondisyon moun nan san repwòch, li gen yon sèl madanm, pitit li genyen yo fidèl, epi moun pa akize pitit sa yo kòmkwa yo nan debòch oubyen yo rebèl.

[7] Vrèmanvre, kòm yon administratè pou Bondye, evèk la dwe san repwòch. Li pa dwe ni yon refraktè, ni youn k ap fè kòlè fasil, ni yon tafyatè, ni yon moun vyolan, ni yon magouyè.

[8] Okontrè, li dwe gen ospitalite. Li dwe renmen sa ki byen. Li dwe modere. Li dwe yon moun ki jis, yon moun ki sen, yon moun ki gen disiplin.

[9] Li dwe kenbe pawòl fidèl la fèm, jan yo te anseye l li a. Konsa, l a kapab ni egzòte moun nan doktrin ki kòrèk la, ni fè moun k ap fè l opozisyon yo obsèvasyon.

[10] Vrèmanvre, genyen anpil moun ki rebèl, ki paladò, k ap twonpe moun. Se sitou pami moun sikonsi yo, yo ye.

[11] Moun sa yo, fòk yo fè yo pe. Se moun ki chavire lafwa plizyè fanmi ann antye, paske y ap anseye bagay yo pa dwe anseye, pou yo fè move lajan.

[12] Gen youn pami yo ki pwòp pwofèt yo epi ki di: «Moun Krèt toujou mantè; yo se bèt mechan; yo se moun saf ki parese.»

[13] E, temwayaj sa a se laverite. Se rezon sa a ki fè ou dwe fè yo obsèvasyon yon jan ki sevè, dekwa pou yo ka kòrèk nan lafwa yo

[14] epi dekwa pou yo ka pa koute lejann Juif yo ak kòmandman moun ki detounen pwòp tèt yo sou verite a.

[15] Pou moun kè pwòp, tout bagay pwòp. Men, pou moun kè sal ak moun san lafwa, ebyen, anyen pa pwòp. Okontrè menm, ni lide yo, ni konsyans yo sal.

[16] Y ap deklare, yo konnen Bondye, alòske, y ap nye li nan aksyon yo. Yo fè abominasyon, yo rebèl, epitou, yo pa kapab fè okenn bon aksyon.

Lèt apot Pòl te ekri Tit la — Chapters