Skip to content
Opens in a new window

[1] Men, konnen nan dènye jou yo, tan terib pral vini.

[2] Paske, lèzòm ap renmen tèt yo. Y ap renmen lajan. Y ap grandizè. Y ap awogan. Y ap denigre moun. Y ap rebèl ak paran. Y ap engra. Y ap fè sakrilèj.

[3] Y ap san lamou pou pwochen yo. Y ap san pitye. Y ap malpalan. Y ap san kontwòl. Y ap brital. Yo p ap renmen sa ki byen.

[4] Y ap trèt. Y ap fè kòlè fasil. Y ap gen ògèy. Y ap renmen plezi pito, pase yo renmen Bondye.

[5] Se sou fòm sèlman, y ap genyen devosyon pou Bondye. Men, lavi yo ap nye pisans lan. Moun konsa, evite yo.

[6] Paske, se kalite moun sa yo ki glise antre kay moun. Yo pran tèt fi egare ki deja chaje ak peche, fi divès move dezi ap dirije,

[7] fi ki toujou ap aprann, men ki pa janm kapab rive konnen verite a.

[8] Menm jan Janès ak Janbrès te fè Moyiz opozisyon, se konsa tou moun sa yo fè verite a opozisyon. Lespri yo kòwonpi. Pou sa ki konsène lafwa, Bondye rejte yo.

[9] Men, yo p ap vanse pi plis pase sa. Paske, derayman yo a ap vin klè pou tout moun, menm jan sa te rive de mesye sa yo.

[10] Men, ou menm, ou te obsève m nan ansèyman mwen, nan konpòtman mwen, nan plan mwen, nan lafwa mwen, nan pasyans mwen, nan lamou mwen, nan andirans mwen,

[11] nan pèsekisyon m yo, nan soufrans tankou sa k te rive m Antyòch, Ikòn ak Lis yo, anfen, nan kalite pèsekisyon mwen te sipòte yo. E Senyè a te delivre m anba yo tout.

[12] Dayè, tout moun ki vle viv ak devosyon pou Jezi Kris, y ap pèsekite yo.

[13] Alòske, moun mechan, moun koken ap vanse pou yo vin pi mal: Y ap twonpe moun, epi moun ap twonpe yo.

[14] Men, ou menm, rete nan bagay ou te aprann epi ou te kwè yo. Paske, ou konnen nan men kilès ou te aprann yo.

[15] Epitou, depi w piti, ou konnen Ekriti sakre a, Ekriti ki kapab fè w saj, pou w sove grasa lafwa w nan Jezi Kris la.

[16] Bondye soufle tout Lekriti. E, li itil pou anseye moun, pou fè moun obsèvasyon, pou korije moun, pou edike moun nan sa ki jis,

[17] dekwa pou moun Bondye kapab adapte tèt yo epi pou yo kapab byen fòme pou tout bon travay.

Dezyèm lèt apot Pòl te ekri Timote a — Chapters