Skip to content
Opens in a new window

[1] Donk, ou menm, pitit mwen, pran fòs ou nan gras ki nan Jezi Kris la.

[2] Epitou, ou te tande bagay mwen te di w devan anpil temwen yo. Konfye bagay sa yo bay moun ki fidèl, bay moun ki kapab anseye lòt moun tou.

[3] Donk, ou menm, patisipe nan soufrans lan tankou yon bon sòlda Jezi Kris.

[4] Yon sòlda ki desèvis pa janm mele nan lòt afè lavi a, si li vle fè moun ki anwole l la plezi.

[5] Konsa tou, si yon moun nan yon konpetisyon, depi li pa suiv regleman konpetisyon an, yo p ap janm kouwone l.

[6] Kiltivatè ki travay di a, fòk se li an premye ki resevwa nan rekòt la.

[7] Konprann sa m ap di a, paske Senyè a ap ba ou entèlijans nan tout bagay.

[8] Sonje Jezi Kris, li menm ki resisite pami mò yo, ki se desandan David, daprè levanjil mwen an.

[9] Se pou levanjil sa a m ap soufri, anba chenn, tankou yon malfektè. Men, pawòl Bondye a pa anchennen.

[10] Poutèt sa, mwen sipòte tout bagay pou moun Bondye chwazi yo, dekwa pou yo menm tou, yo ka gen delivrans nan Jezi Kris, avèk glwa etènèl.

[11] Men yon pawòl ki fidèl: Vrèmanvre, si nou mouri avèk li, N ap viv avèk li tou.

[12] Si nou sipòte, N ap vin wa avèk li tou. Si nou nye li, Li menm tou, l ap nye nou.

[13] Si nou pa fidèl, Li menm, l ap rete fidèl. Li pa kapab nye pwòp tèt li.

[14] Fè moun yo sonje bagay sa yo. Deklare devan Senyè a pou yo sispann fè diskisyon. Paske, sa pa itil anyen plis pase twouble l twouble moun k ap koute yo.

[15] Fè efò pou w prezante tèt ou devan Bondye tankou yon nonm ki otantik, yon ouvriye ki pa wont tèt li epi ki sèvi daplon ak pawòl verite a.

[16] Men, detounen devan sakrilèj ak pawòl rans. Paske, moun ki ladan yo ap fonse nan mechanste pi plis.

[17] E, pawòl yo tankou kansè k ap vale teren. Se pami moun sa yo Imene ak Filèt ye.

[18] Yo pèdi chemen verite a. Y ap di rezirèksyon an deja rive. Epi, yo chavire lafwa kèk moun.

[19] Kanmenm, fondasyon solid Bondye a kanpe fèm. Li gen so sa a sou li: Senyè a konnen moun li yo. Epi ankò: Tout moun k ap nonmen non Senyè a, yo dwe egzante sa ki pa jis.

[20] Nan yon gran kay, se pa veso ann ò ak veso ann ajan ase ki genyen. Men tou, genyen sa k an bwa ak sa k an tè. Yon bò, genyen ki pou sèvis espesyal, yon lòt bò, genyen ki pou sèvis òdinè.

[21] Ebyen, si yon moun pwòpte tèt li anba bagay sa yo, l ap yon veso ki pou sèvis espesyal, ki konsakre, ki itil Mèt la epi ki pare pou nenpòt bon travay.

[22] Kouri pou dezi jèn moun konn genyen. Men, chèche genyen jistis, lafwa, lamou, lapè ansanm avèk moun ki gen kè yo pwòp epi k ap rele non Senyè a.

[23] Men, egzante pledman moun fou ak moun sòt yo. Ou konnen bagay sa yo mennen kont.

[24] Alòske, yon sèvitè Senyè a pa dwe nan kont. Okontrè, fòk li yon moun ki san fason ak tout moun, yon moun ki kapab anseye, ki gen san sipòtan,

[25] epi ki korije moun avèk dousè, lè yo fè l opozisyon. Petèt, lè sa a, Bondye va ba yo repantans pou yo ka konnen verite a.

[26] Konsa, y a reprann bonsans yo pou yo sot nan pyèj djab la ki te kaptire yo pou yo fè volonte l.

Dezyèm lèt apot Pòl te ekri Timote a — Chapters