[1] Fè moun yo sonje pou yo soumèt devan chèf ak otorite, pou yo obeyi yo, pou yo pare pou yo fè tout kalite bon zèv,
[2] pou yo pa denigre moun, pou yo dosil, pou yo dou, epi pou yo montre tout kalite jantiyès devan tout moun.
[3] Paske, yon lè, nou menm tou, nou te sòt, nou te rebèl, nou te nan erè, nou te esklav divès dezi ak divès plezi, nou t ap viv nan malfezans ak jalouzi, nou te bay moun degoutans, e nou youn te rayi lòt.
[4] Men, lè bonte Bondye Sovè nou ak lamou li pou lèzòm parèt, li sove nou.
[5] E sa, se pa t grasa zèv jistis nou te fè. Okontrè! Li sove nou grasa pitye li, daprè beny nouvèl nesans lan epi daprè renouvle Lespri Sen an renouvle nou an.
[6] Epi, li vide Lespri Sen an sou nou ann abondans, grasa Jezi Kris Sovè nou.
[7] Konsa, kòm gras sa a jistifye nou, nou tounen eritye, daprè esperans lavi etènèl la.
[8] Sa se pawòl fidèl. E, kanta pou bagay sa yo, mwen vle w ensiste sou yo, dekwa pou moun ki kwè nan Bondye yo ka veye pou yo devwe nan fè bon zèv. Se bagay sa yo ki bèl epi ki itil pou lèzòm.
[9] Men, kanta pou diskisyon moun fou yo, lis zansèt yo, kont ak zizani pou lalwa yo, kanpe lwen yo. Paske, yo initil, e yo san valè.
[10] Depi yon nonm ap lakòz divizyon, avèti l yon premye fwa, yon dezyèm fwa, apre sa, egzante l.
[11] Ou konnen yon moun konsa pèvèti, li peche, epi li kondane pwòp tèt li.
[12] Lè mwen voye Atemas oubyen Tichik ba ou, fè dilijans pou w vini kote m Nikopolis, paske se la mwen deside pase livè a.
[13] Fè dilijans pou w ravitaye avoka Zenas ansanm ak Apolòs pou vwayaj la, dekwa pou yo pa manke anyen.
[14] Men tou, se pou moun nou yo aprann devwe nan fè bon zèv, pou yo ka ede nan ka nesesite sa yo, dekwa pou yo pa rete san donnen fwi.
[15] Tout moun ki avè m yo voye salye ou. Salye tout moun ki zanmi nou nan lafwa. Gras Bondye avèk nou tout. Amèn!