Skip to content
Opens in a new window

[1] Men, ou menm, pale bagay ki konfòm ak doktrin ki kòrèk la.

[2] Granmoun gason yo dwe modere, yo dwe respektab, yo dwe gen kontwòl tèt yo, yo dwe kòrèk nan lafwa yo, nan lamou yo ak nan pasyans yo.

[3] Menm jan an tou, granmoun fi yo dwe gen konpòtman moun bon karaktè. Yo pa dwe ni malpalan, ni esklav diven. Yo dwe bay bon konsèy.

[4] Konsa, y a aprann jèn medam yo larezon, jan pou yo renmen mari yo, pou yo renmen pitit yo,

[5] pou yo gen kontwòl tèt yo, pou lavi yo pwòp, pou yo okipe kay yo, pou yo bon moun, pou yo obeyi pwòp mari yo. Lè sa a, moun p ap denigre pawòl Bondye a.

[6] Menm jan an tou, ankouraje jèn mesye yo pou yo gen kontwòl tèt yo.

[7] Ou menm, nan tout bagay, montre ou se yon modèl pou yo, nan bon zèv ou fè. Sa vle di, se pou w bay yon ansèyman ki pa kòwonpi, ki respektab, ki sensè.

[8] Se pou pawòl ou kòrèk epi san repwòch. Lè sa a, w a fè moun k ap fè w opozisyon yo wont, paske yo p ap gen anyen mal pou yo di sou nou.

[9] Sèvitè yo dwe soumèt devan mèt yo nan tout bagay, epi yo dwe fè yo plezi.

[10] Yo pa dwe ni bay replik, ni fè eskanmòtè. Okontrè, yo dwe montre yo byen fidèl tout jan. Lè sa a, y a fè onè doktrin Bondye Sovè nou an nan tout bagay.

[11] Paske, gras Bondye, gras ki ka sove tout moun nan te parèt.

[12] Li aprann nou renonse ak mechanste ak dezi lemonn. Epi, li aprann nou viv ak kontwòl ak jistis ak devosyon nan tan kounye a,

[13] pandan n ap tann esperans beni an reyalize, epi pandan n ap tann glwa sila ki gran Bondye epi Sovè nou an, Jezi Kris, parèt.

[14] Wi, li te bay pwòp tèt li pou nou, dekwa pou l te ka rachte nou anba tout rebelyon epi pou l te ka pirifye nou pou nou vin yon pèp espesyal pou li, yon pèp ki zele pou fè bon zèv.

[15] Pale bagay sa yo, egzòte moun yo, epi fè yo obsèvasyon avèk tout otorite w. Pa kite pèsonn meprize w.

Lèt apot Pòl te ekri Tit la — Chapters