Skip to content
Opens in a new window

[1] Men, frè nou yo, kanta pou retou Senyè nou Jezi Kris epi pou reyini n ap reyini ansanm avèk li a, men sa mwen menm ak lòt yo, n ap mande NOU:

[2] Pa kite yo boulvèse lespri NOU fasil konsa. Pa kite yo twouble NOU ni ak revelasyon ni ak pawòl, ni ak lèt swadizan mwen menm ak lòt yo nou ta voye, kòmkwa pou di jou Kris la ta rive deja.

[3] Pa kite pèsonn twonpe NOU nan okenn fason. Paske, jou Senyè a p ap rive toutotan apostazi a pa vini epi toutotan nonm peche a, nonm ki la pou peri a, pa parèt.

[4] Se li ki advèsè a, sila a ki plase tèt li sou tèt tout bagay ki swadizan bondye oubyen bagay moun adore. Se nan konsa, l ap enstale tèt li nan tanp Bondye a tankou Bondye, epi l ap deklare tèt li Bondye.

[5] NOU sonje mwen te di NOU bagay sa yo lè m te lakay NOU an, pa vre?

[6] E, NOU konnen sa ki kenbe l kounye a, ki fè se nan tan ki te fikse a pou li parèt.

[7] Vrèmanvre, mistè rebelyon an ap aji deja. Se sèlman sila ki kenbe l toujou a ki pou wete kò l.

[8] Epi, lè sa a, Rebèl la ap parèt. Se li Senyè a ap detui ak souf bouch li a. Senyè a ap fè yon fen avèk li lè Senyè a parèt, lè Senyè a retounen.

[9] Nonm sa a ap parèt sou lobedyans Satan, avèk tout kalite mirak, mirak siy ak fo mèvèy,

[10] epi avèk tout kalite enjistis k ap twonpe moun ki pou peri yo. Tout sa, paske yo pa t renmen verite a, verite ki ta sove yo, si yo te resevwa l la.

[11] Se poutèt sa, Bondye ap voye yon pisans k ap twonpe yo, kote se manti y ap kwè.

[12] E, konsa, l ap jije tout moun ki pa t kwè verite a, men, ki te pran plezi nan enjistis.

[13] Men, mwen menm ak lòt yo, se tout tan nou dwe rann Bondye gras pou NOU menm, frè nou yo, NOU menm ki se byenneme Senyè a. Paske, depi o kòmansman, Bondye chwazi NOU pou NOU ka sove, grasa sangtifye Lespri a sangtifye NOU an epi grasa lafwa NOU nan verite a.

[14] Se pou sa menm, li te rele NOU ak levanjil, mwen menm ak lòt yo, nou te preche a: Se te pou NOU te ka jwenn glwa Senyè nou an, Jezi Kris.

[15] Donk, frè nou yo, kenbe fèm. Rete nan tradisyon, mwen menm ak lòt yo, nou te anseye NOU swa nan bouch, swa nan lèt nou yo.

[16] Se pou Senyè nou an, Jezi Kris li menm, se pou Bondye Papa nou ki te renmen nou epi ki te ban nou yon ankourajman etènèl ansanm ak yon bon esperans nan gras li,

[17] wi, se pou yo ankouraje kè NOU, se pou yo fòtifye NOU nan tout bon bagay N ap di oubyen N ap fè.

Dezyèm lèt apot Pòl te ekri legliz Tesalonik la — Chapters