[1] Men, te genyen fo pwofèt pami pèp la tou. Menm jan an tou, va gen fo anseyan pami nou. Y ap vini anba chal ak fo doktrin ki ka detui nou. Nan nye Mèt Souvren ki te rachte yo a, y ap mennen yon chatiman sou tèt yo k ap detui yo byen vit.
[2] Anpil moun ap suiv yo nan libètinaj yo a. Akòz yo menm, moun ap denigre chemen verite a.
[3] Yo tèlman ava, y ap twonpe nou ak pawòl yo pou yo eksplwate nou. Se moun, kondanasyon ap pare pou yo depi lontan, e malè ki dèyè yo a p ap kabicha.
[4] Paske, menm lè zanj te peche, Bondye pa t kite yo chape. Okontrè, li lage yo nan lanfè, nan yon labim fènwa. Li kenbe yo la pou l jije yo pi ta.
[5] Li pa t kite ansyen monn nan chape nonplis. Men, lè li t apral voye delij la sou monn nan, yon monn ki te plen ak mechan, pami uit moun li te pwoteje yo, te genyen Noye, yon nonm ki t ap preche jistis.
[6] Pou vil Sodòm ak vil Gomò menm, li kondane yo pou yo vin yon devas. Li fè yo tounen sann. Konsa, li trase yon egzanp sou yo pou mechan ki t apral vini apre yo.
[7] Epi, li te delivre Lòt, ki te yon moun jis. Moun deregle sa yo te nan libètinaj. Konpòtman yo te twouble Lòt.
[8] Vrèmanvre, pandan nonm jis sa a t ap viv pami yo, se jou apre jou, aksyon deregle, li te tande epi li te wè moun yo ap fè yo t ap toumante nanm li ki jis.
[9] Donk, Senyè a konnen kijan pou li delivre moun ki gen devosyon pou Senyè a anba tantasyon. Men, pou mechan yo, li konnen kijan pou li kenbe yo anba pinisyon nan jou jijman an.
[10] E, l ap pini sitou sa yo k ap mache dèyè plezi lachè, tank dezi yo sou pouriti, epi k ap meprize otorite Senyè a. Odasye sa yo, awogan sa yo pa pè denigre sila ki nan laglwa yo.
[11] Alòske, menm zanj, ki gen pi gwo fòs ak pi gwo pisans, pa pote akizasyon kont yo devan Senyè a pou denigre yo.
[12] Men, yo menm, yo tankou bèt san konprann, bèt ki fèt ak tout nati yo pou moun kaptire yo epi detui yo. Y ap denigre bagay yo pa konnen. Se menm koripsyon yo a k ap detui yo.
[13] Yo va resevwa enjistis kòm salè yo, tankou moun ki konsidere se jwisans gwo lajounen ki plezi. Malandren sa yo, tach sa yo, pandan y ap fete ansanm avèk nou, plezi yo se twonpe nou.
[14] Je yo plen ak adiltè. Yo pa ka sispann fè peche. Y ap chame nanm moun ki pa fèm. Kè yo byen antrene nan fè ava. Se moun ki modi!
[15] Yo kite chemen dwat la, epi yo pèdi. Y al suiv menm chemen ak Balaam, pitit Beyò a, ki te renmen salè enjistis.
[16] Men, yo te reprimande li nan vyolasyon l lan. Paske, yon bourik bèbè pale ak vwa moun pou li anpeche pwofèt la aji an moun fou.
[17] Moun sa yo, se pi san dlo yo ye. Yo tankou nyaj tanpèt ap pouse. Se fènwa epe a ki sere pou yo pou letènite.
[18] Paske, nan pale pawòl grandizè, pawòl san sans k ap eksite dezi lachè nan libètinaj, yo chame moun ki te fin chape anba moun k ap mache nan erè.
[19] Y ap pwomèt moun libète, alòske yo menm, yo esklav koripsyon. Paske, depi yon moun antòtye nan yon bagay, se esklav bagay la li ye tou.
[20] Vrèmanvre, sipoze yo fin chape anba pouriti ki nan monn nan paske yo vin konnen Senyè a, Sovè a, Jezi Kris. Kounye a, si y al retounen antòtye kò yo nan menm bagay sa yo ankò, ebyen, yo pi mal nan dènye kondisyon sa a pase jan yo te ye nan premye a.
[21] Vrèmanvre, pase pou lè yo fin konnen chemen jistis la pou se tounen yo tounen do sou kòmandman sakre yo te transmèt ba yo a, li t ap pi bon pou yo si yo pa t janm konnen l ditou.
[22] Men, sa ki rive yo a se menm verite ki nan pwovèb ki di «Chen tounen nan pwòp vomi li» a, epi ankò: «Benyen kochon, l al woule nan labou.»