[1] Lè jou repo a te fin pase, dimanch maten byen bonè, Mari, moun lavil Magdala a, ak lòt Mari a te al vizite kavo a.
[2] Yo rete konsa, epi tè a pran tranble byen fò. Yon zanj Bondye desann sòti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote, lèfini li chita sou li.
[3] Li te klere tankou yon zèklè, rad li te blan kou lanèj.
[4] Gad yo te sitèlman pè, yo pran tranble, yo tonbe atè tankou moun ki mouri.
[5] Men, zanj lan pran pale, li di fanm yo: — Nou menm, nou pa bezwen pè. Mwen konnen se Jezi n'ap chache, nonm yo te kloure sou kwa a.
[6] Enben, li pa isit la. Li leve vivan jan l te di a. Vini wè kote l te kouche a.
[7] Apre sa, prese al di disip li yo li leve sòti vivan nan lanmò. Li gentan pran devan yo ale nan peyi Galile. Se la y'a wè li. Se sa m te gen pou m di nou.
[8] Fanm yo kouri kite kavo a. Yo te pè, men anmenmtan tou yo te kontan. Yo t'ap kouri pote nouvèl la bay disip yo.
[9] Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo, li di yo: — Bonjou, medam. Yo pwoche bò kote l, yo kenbe pye l, yo adore li.
[10] Jezi di yo: — Nou pa bezwen pè. Ale di frè m yo pou y'al nan Galile. Se la y'a wè mwen.
[11] Antan medam yo te nan wout toujou, nan gad ki t'ap veye kavo a te genyen ki te gentan tounen lavil la, yo rakonte chèf prèt yo tou sa ki te rive.
[12] Lè sa a, chèf prèt yo reyini ak chèf fanmi yo, yo fè plan yo ansanm. Yo bay sòlda yo yon gwo lajan.
[13] Epi yo di yo: — Se pou nou di se disip li yo ki te vin vòlò kò a pote ale lannwit antan nou t'ap dòmi.
[14] Si pawòl la tonbe nan zòrèy gouvènè a, n'a konnen ki jan pou n pale avè l pou nou menm, gad yo, nou pa nan traka.
[15] Sòlda yo pran lajan an, yo fè jan yo te di yo fè l la. Se konsa, popagann sa a gaye pami jwif yo jouk jounen jòdi a.
[16] Onz disip yo ale sou ti mòn nan peyi Galile a, kote Jezi te di yo ale a.
[17] Lè yo wè l, yo adore li. Men, te gen nan yo ki pat fin kwè nèt.
[18] Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: — Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.
[19] Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.
[20] Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.