[1] Antan Jezi t'ap pale ak moun yo, li pran rakonte yo yon lòt parabòl:
[2] — Nan Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon wa ki t'ap fete nòs pitit gason li.
[3] Li voye domestik li yo rele moun ki te envite nan nòs la. Men, yo yonn pat vle vini.
[4] Lè sa a, wa a voye lòt sèvitè, li di yo: Ale di envite yo manje a pare. Mwen gentan fè touye towo bèf mwen yo ak lòt bèt gra mwen yo. Tout bagay pare. Vin nan resepsyon an.
[5] Men, envite yo pa fè ka sa l voye di yo a, y'al okipe zafè yo. Yonn ladan yo ale nan jaden l, yon lòt ale nan trafik li.
[6] Gen ladan yo ki pran domestik yo, yo maltrete yo, yo touye yo.
[7] Wa a fè yon gwo kòlè, li voye sòlda l yo touye ansasen yo. Apre sa, li fè mete dife nan lavil yo a.
[8] Lè sa a, li di domestik li yo: Manje nòs la pare, men moun ki te envite yo pat merite sa.
[9] Ale sou granchemen, envite tout moun nou jwenn pou yo vini nan nòs la.
[10] Domestik yo ale nan tout granchemen, yo sanble tout moun yo jwenn, ni move ni bon. Konsa, kote yo t'ap fè nòs la te plen moun.
[11] — Wa a vin antre pou wè envite yo. Je l al tonbe sou yon nonm ki pat abiye ak rad nòs la.
[12] Wa a di li: Zanmi, kouman ou fè antre isit la san ou pa mete rad nòs la sou ou? Nonm lan pa di yon mo.
[13] Wa a di domestik li yo: Mare de pye l ak de men l, voye l jete deyò nan fènwa a. Se la l'a gen pou l kriye, pou l manje dan li.
[14] Paske, yo envite anpil moun, men se de twa ase y'a chwazi.
[15] Lè sa a, farizyen yo ale, yo mete tèt yo ansanm pou wè ki jan yo ta ka pran pawòl nan bouch Jezi pou akize li.
[16] Yo voye disip pa yo ansanm ak patizan Ewòd yo bò kote Jezi pou mande li: — Mèt, nou konnen ou se moun ki kare. W'ap moutre chemen Bondye a jan l ye a, ou pa pè pèsonn. Paske, ou pa gade sou figi moun.
[17] Enben, kisa ou di nan sa: Eske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non?
[18] Men, Jezi te konnen move lide yo te gen dèyè tèt yo, li reponn: — Poukisa n'ap chache pran m nan pèlen konsa, bann ipokrit?
[19] Moutre m pyès lajan nou sèvi pou peye taks la. Yo moutre l yon pyès lajan.
[20] Jezi mande yo: — Pòtre ki moun avèk non ki moun ki sou li?
[21] Yo reponn li: — Pòtre Seza ak non Seza ki sou li. Lè sa a, Jezi di yo: — Enben, bay Seza sa ki pou Seza. Epi bay Bondye sa ki pou Bondye.
[22] Lè yo tande sa, yo pat manke sezi. Yo kite l, y'al fè wout yo.
[23] Menm jou a, sadiseyen yo vin bò kote Jezi. (Se sadiseyen yo ki di moun mouri pa leve.) Yo poze Jezi kèsyon sa a:
[24] — Mèt, Moyiz te di si yon nonm mouri san kite pitit, frè l gen pou marye ak madanm defen an pou l ka fè pitit pou frè l ki mouri a.
[25] Se konsa, te gen sèt frè, moun isit ansanm ak nou. Premye a marye, li mouri san l pat gen pitit. Li kite madanm li pou frè li.
[26] Dezyèm lan pase menm jan an tou. Twazyèm lan tou. Konsa, konsa, jouk tout sèt frè yo fin pase.
[27] Apre yo tout fin mouri, fanm lan mouri li menm tou.
[28] Lè mò yo va gen pou leve, madanm kilès li pral ye la a? Paske, li te madanm yo tout.
[29] Jezi reponn yo: — Nou nan lerè wi. Nou pa konprann sa ki ekri nan Liv la, ni nou pa konnen pouvwa Bondye.
[30] Lè mò yo va gen pou leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la.
[31] Pou kèsyon mò yo k'ap leve vivan ankò, eske nou pa li sa Bondye te di nou:
[32] Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb? Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan.
[33] Tout moun ki t'ap koute l yo te sezi tande sa l t'ap di yo.
[34] Lè farizyen yo tande jan Jezi te fèmen bouch sadiseyen yo, yo tout sanble. Yo te vle pran Jezi nan pèlen.
[35] Yonn ladan yo ki te dirèktè lalwa mande li:
[36] — Mèt, ki kòmandman ki pi konsekan nan tout lalwa a?
[37] Jezi reponn li: — Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou.
[38] Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan.
[39] Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
[40] De kòmandman sa yo, se yo ki fondasyon tou sa ki nan lalwa Moyiz la ak tou sa pwofèt yo te moutre.
[41] Antan farizyen yo te reyini, Jezi poze yo kèsyon sa a:
[42] — Dapre nou, kisa Kris la ye? Pitit kilès li ye? Yo reponn li: — Li se pitit pitit David!
[43] Jezi di yo: — Bon, kouman David fè rele l Senyè? Paske se Lespri Bondye a menm ki te fè l di:
[44] Bondye te di Senyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen mete lènmi ou yo anba pye ou.
[45] Si David rele Kris la Senyè, ki jan pou Kris la ka pitit pitit David?
[46] Okenn moun pat kapab reponn li yon mo. Depi jou sa a pèsonn pat gen odas poze l kèsyon ankò.