[1] Lè sa a, Ewòd ki t'ap gouvènen nan peyi Galile tande pale sou Jezi.
[2] Li di moun ki t'ap travay avè l yo: — Se Jan Batis wi! Se li ki leve vivan nan lanmò. Se poutèt sa li ka fè tout mirak sa yo.
[3] Se Ewòd menm ki te fè arete Jan Batis. Li te fè mare l mete nan prizon poutèt Ewodyad, madanm Filip, frè li.
[4] Paske Jan te di Ewòd konsa: — Ou pa gendwa pran Ewodyad pou madanm ou.
[5] Ewòd te vle touye l, men li te pè jwif yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon pwofèt.
[6] Men, jou fèt Ewòd la, pitit fi Ewodyad la t'ap danse devan tout envite yo. Sa te fè Ewòd plezi anpil.
[7] Lè sa a, Ewòd sèmante l'ap ba li nenpòt kisa li ta mande li.
[8] Pitit fi Ewodyad la menm koute konsèy manman l te ba li, li di Ewòd: — Fè pote tèt Jan Batis ban mwen kounyeya sou yon plato.
[9] Kè wa a kase. Men, akòz gwo sèman li te fè devan tout envite yo, li bay lòd pou yo bay fi a sa l te mande a.
[10] Se konsa, Ewòd voye koupe tèt Jan Batis nan prizon an.
[11] Yo pote tèt la vini sou yon plato, yo renmèt fi a li. Fi a menm pote l bay manman li.
[12] Patizan Jan Batis yo vin pran kò a, yo antere li. Apre sa, y'al di Jezi sa ki te pase.
[13] Lè Jezi pran nouvèl sa a, li pati nan yon kannòt. Li te vle al yon kote ki pa gen moun pou l te ka pou kont li. Men, moun yo vin konn sa. Yo kouri sòti nan tout lavil yo, yo pran mache sou rivay la ap swiv li.
[14] Lè Jezi desann sòti nan kannòt la, li wè tout foul moun yo. Kè l fè l mal pou yo, li pran geri moun malad yo.
[15] Lè solèy fin kouche, disip Jezi yo pwoche bò kote l, yo di l konsa: — Li fin ta wi. Pa gen moun ki rete bò isit la. Voye moun yo ale pou yo ka achte manje nan bouk yo.
[16] Jezi reponn yo: — Yo pa bezwen ale. Ba yo manje nou menm.
[17] Men yo di li: — Se senk pen ak de pwason ase nou gen la a.
[18] Jezi di yo: — Pote yo ban mwen.
[19] Apre sa, li bay lòd fè moun yo chita sou zèb la. Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo, li bay disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun.
[20] Tout moun manje vant plen. Apre sa, disip yo plen douz panyen ak ti moso ki te rete, yo pote ale.
[21] Te gen senkmil (5,000) gason konsa ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun.
[22] Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan kannòt la, li voye yo devan lòt bò lanmè a. Li menm, li te rete dèyè pou l te voye moun yo ale.
[23] Lè li fin voye yo ale, li moute pou kont li sou yon ti mòn pou l lapriyè. Solèy te fin kouche, li te la toujou pou kont li.
[24] Kannòt la menm te gentan yon bon distans sou lanmè a. Men, lanm yo t'ap bat li, paske van an te kontrè pou yo.
[25] Douvan jou, Jezi pran mache sou dlo a pou l'al jwenn yo.
[26] Lè disip yo wè l'ap mache sou dlo a, yo te pè anpil paske yo t'ap di: — Woy, men yon zonbi. Yo pran rele tèlman yo te pè.
[27] Menm lè a, Jezi di yo: — Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.
[28] Lè sa a, Pyè di li: — Mèt, si se ou menm vre, di m vin jwenn ou sou dlo a.
[29] Jezi di li: — Vini non. Pyè sòti nan kannòt la, li konmanse mache sou dlo a pou l'al jwenn Jezi.
[30] Men, lè Pyè wè jan van an te fò, li pè. Lè sa a, li konmanse koule, li pran rele: — Mèt, sove m non!
[31] Menm lè a, Jezi lonje men l, li pran Pyè, li di li: — Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt?
[32] Yo tou de moute nan kannòt la, lamenm van an kase.
[33] Lè sa a, moun ki te nan kannòt la vin mete ajenou devan Jezi, yo di: — Ou se pitit Bondye a vre.
[34] Lè yo fin janbe lòt bò lanmè a, yo fè tè nan peyi Jenezarèt.
[35] Moun peyi a rekonèt Jezi, yo voye nouvèl la nan tout rejyon an. Yo mennen tout malad yo ba li.
[36] Yo di Jezi: — Tanpri souple, kite malad yo manyen bò rad ou ase. Tout moun malad ki te manyen rad li te geri.