Skip to content
Opens in a new window

[1] Mwen menm ansyen an. Gayis, byenneme, mwen renmen w nan laverite.

[2] Byenneme, menm jan nanm ou byen an, m ap lapriyè pou tout bagay ka byen pou ou epi pou w ka an sante tou.

[3] Vrèmanvre, mwen te kontan anpil lè kèk frè ki te vini te bay temwayaj sou verite ki nan ou, sa vle di, jan w ap mache nan verite a.

[4] Pi gran jwa mwen genyen se lè mwen tande timoun mwen yo ap mache nan laverite.

[5] Byenneme, nan sa ou fè pou frè yo ak pou etranje yo, ou fidèl.

[6] Se yo menm ki temwaye lamou w devan legliz. E, si ou ravitaye yo pou vwayaj yo, jan Bondye ta merite l la, w ap byen fè.

[7] Paske, se poutèt Non an yo vwayaje. E, yo pa resevwa anyen nan men payen.

[8] Donk, nou dwe resevwa kalite moun sa yo. Konsa, nou va vin ouvriye ansanm avèk yo pou verite a.

[9] Mwen te ekri legliz la. Men, Dyotrèf ki renmen pran pòz chèf li sou moun yo pa t resevwa nou.

[10] Poutèt sa, si mwen vini, mwen va fè sonje travay li fè nan pale move pawòl pou li fè tripotay sou nou. Menm avèk sa, li pa kontante. Li pa resevwa frè yo nonplis. E, moun ki ta vle fè sa, li anpeche yo epi li mete yo deyò nan legliz la.

[11] Byenneme, pa imite sa ki mal, men, imite sa ki byen. Moun ki fè byen se moun Bondye. Moun ki fè mal pa t wè Bondye.

[12] Tout moun pale byen de Demetriyis. Verite a pale byen de li tou. Menm nou menm, nou pale byen de li. E, ou menm ak lòt moun yo, nou konnen temwayaj nou an se laverite.

[13] Mwen genyen anpil bagay pou mwen ta ekri. Men, mwen pa vle ekri ou avèk plim ak lank.

[14] Mwen espere wè ou tousuit. Alò, nou va pale fasafas.

[15] Lapè avèk ou! Zanmi isit yo salye ou. Salye chak zanmi apa.