Skip to content
Opens in a new window
Listen to this chapter • 7:18

[1] Nan dimanch maten, byen bonè, medam yo ale nan kavo a. Yo te pote lwil santi bon yo te pare pou benyen kò a.

[2] Yo jwenn wòch ki te fèmen kavo a te woule byen lwen sòti devan bouch kavo a.

[3] Yo antre, men yo pa jwenn kò Senyè Jezi.

[4] Yo te la konsa, yo pat konn sa pou yo te fè lè de moun parèt devan yo ak rad yo byen klere.

[5] Medam yo te pè anpil. Yo bese tèt yo atè. Men de moun yo di yo konsa: — Poukisa n'ap chache moun vivan an nan mitan mò yo?

[6] Li pa isit la, li resisite. Chonje sa li te di nou lè li te Galile a.

[7] Moun Bondye voye nan lachè a gen pou tonbe anba men pechè yo. Yo gen pou yo kloure l sou yon kwa. Men, sou twa jou l'ap leve sòti vivan ankò.

[8] Yo vin chonje pawòl Jezi te di yo.

[9] Yo sòti kite kavo a, y'al rakonte onz disip yo ak lòt moun yo tout bagay sa yo.

[10] Men non medam yo: se te Mari, moun Magdala a, Jàn ak Mari, manman Jak. Te gen lòt fanm avèk yo tou. Yo menm tou, yo te rakonte apòt yo menm bagay la.

[11] Men, apòt yo te pran sa medam yo t'ap di a pou istwa san sans, yo pat kwè yo.

[12] Lè sa a, Pyè leve, li kouri al nan kavo a. Li bese, li wè dra mò a sèlman. Apre sa, li tounen lakay li. Li te sezi anpil pou sa k te rive a.

[13] Menm jou sa a, te gen de disip ki ta pral nan yon bouk yo rele Emayis. Bouk la te yon ti distans onz kilomèt konsa ak lavil Jerizalèm.

[14] De disip yo t'ap koze sou tou sa ki te pase.

[15] Yo t'ap pale, yo t'ap diskite yonn ak lòt. Lè sa a, Jezi pwoche bò kote yo, li tanmen fè wout ak yo.

[16] Yo te wè l, men te gen kichòy ki te anpeche yo rekonèt li.

[17] Li di yo: — Sou kisa n'ap pale konsa antan n'ap mache a? Yo rete yo kanpe tou tris.

[18] Yonn ladan yo ki te rele Kleopas reponn li: — Gen lè ou se sèl moun k'ap viv lavil Jerizalèm ki pa konn sa k te rive nan senmenn ki sot pase a?

[19] Li di yo: — Kisa k te rive konsa? Yo reponn li: — Tou sa k te rive Jezi, moun Nazarèt la. Nonm sa a te yon gwo pwofèt devan Bondye ak devan tout pèp la: li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen.

[20] Enben, chèf prèt yo ak otorite nou yo fè yo kondannen l amò, epi yo kloure l sou yon kwa.

[21] Nou te gen espwa se li menm ki t'ap vin delivre pèp Izrayèl la. Men, jòdi a fè twa jou depi bagay sa yo pase.

[22] Fòk nou di ou tou gen kèk fanm nan gwoup nou an ki fè nou byen sezi. Yo te al nan kavo a granmaten jòdi a.

[23] Men, yo pa jwenn kò a. Yo tounen vin rakonte te gen zanj Bondye ki te parèt devan yo, ki te di yo li vivan.

[24] Gen kèk zanmi nou yo kal nan kavo a tou. Yo jwenn tout bagay jan medam yo te di l la. Men li menm, yo pa wè li.

[25] Lè sa a Jezi di yo: — Ala moun san konprann! Ki jan lespri nou fè lou pou kwè tou sa pwofèt yo te di konsa!

[26] Eske se pa pou Kris la te soufri bagay sa yo anvan pou l te resevwa lwanj li?

[27] Epi li pran esplike yo tou sa ki te ekri sou li nan Liv yo. Li konmanse ak Liv Moyiz yo, li pase nan tout Liv pwofèt yo.

[28] Lè yo rive toupre ti bouk kote yo t'ap prale a, Jezi fè tankou li ta vle al pi lwen.

[29] Yo kenbe l, yo di li: — Rete avèk nou non. Solèy fin kouche, pral fènwa. Li antre pou l rete ak yo.

[30] Li chita bò tab la ak yo pou manje. Li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l, epi li ba yo li.

[31] Menm lè a, je yo louvri, yo rekonèt li. Men, li disparèt lamenm devan yo.

[32] Yonn pran di lòt: — Eske nou pat santi tankou yon dife k'ap boule nan kè nou lè l t'ap pale avèk nou sou tout wout la, lè l t'ap esplike nou sa k te ekri nan Liv yo?

[33] Latou, yo leve, yo tounen Jerizalèm. Lè yo rive, yo jwenn onz disip yo reyini ak zanmi yo.

[34] Yo tout t'ap di: — Se vre wi, Senyè a resisite. Simon wè li.

[35] Lè sa a, de disip yo pran rakonte sa k te rive yo sou wout la, ki jan yo te rekonèt li lè l te kase pen an.

[36] Pandan yo t'ap pale konsa, Jezi menm vin kanpe nan mitan yo, li di yo: — Lapè avèk nou.

[37] Yo te pè, yo pran tranble. Yo te kwè se yon zonbi k'ap pale ak yo a.

[38] Men, Jezi di yo: — Poukisa nou pè konsa? Poukisa tout lide sa yo nan tèt nou?

[39] Gade men mwen, gade pye mwen. Nou mèt manyen wi. Gade mwen byen: yon lespri pa gen chè, li pa gen zo, jan nou wè mwen an.

[40] Antan li t'ap di yo sa, li moutre yo men l ak pye l yo.

[41] Yon sèl kè kontan pran disip yo, men yo pat kwè toujou sitèlman yo te sezi. Lè sa a, Jezi di yo: — Eske nou gen kichòy la a pou manje?

[42] Yo ofri l yon moso pwason boukannen.

[43] Li pran l, li manje l devan je yo.

[44] Epi li di yo: — Men sa m t'ap di nou an lè m te la avèk nou toujou a. Tou sa ki te ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan Liv pwofèt yo, menm nan sòm yo, fòk tou sa te rive.

[45] Lè sa a, li louvri lespri yo pou yo te ka konprann tou sa ki te ekri nan Liv yo.

[46] Li di yo: — Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l sòti vivan nan lanmò.

[47] Y'a pran non l pou yo mache fè konnen mesay la nan tout peyi, konmanse lavil Jerizalèm, pou mande tout moun pou yo tounen vin jwenn Bondye pou yo ka resevwa padon peche yo.

[48] Nou temwen tout bagay sa yo.

[49] Mwen menm, mapral voye ban nou sa Papa m te pwomèt la. Nou menm, rete lavil Jerizalèm jouk pouvwa k'ap sòti anwo nan syèl la va desann sou nou.

[50] Apre sa, li mennen yo an deyò lavil la, bò Betani, epi li leve men li pou l beni yo.

[51] Antan l'ap beni yo konsa, li separe ak yo, li moute nan syèl la.

[52] Yo menm menm, lè yo fin adore l, yo tounen lavil Jerizalèm ak yon gwo kè kontan.

[53] Se tout tan yo te nan tanp lan ap fè lwanj Bondye.

Lik — Chapters