[1] Se te jou lavèy fèt Pak jwif yo. Jezi te konnen lè a te rive pou li te kite tè sa a pou li al jwenn Papa a. Li pa te manke renmen moun pa li yo ki nan lemonn lan. Li te renmen yo nètale.
[2] Jezi t'ap manje ak disip li yo jou swa sa a. Satan te gentan pran tèt Jida, pitit gason Simon Iskaryòt la, pou l te trayi Jezi.
[3] Jezi te konnen pou tèt pa l li te sòti nan Bondye, epi li t'ap tounen jwenn Bondye ankò. Li te konnen Papa a te ba li pouvwa sou tout bagay.
[4] Li leve sot devan tab la, li wete gwo rad li a, li pran yon sèvyèt, li mare l nan ren li.
[5] Apre sa, li vide dlo nan yon kivèt. Epi li konmanse lave pye disip li yo. Li t'ap siye yo ak sèvyèt li te mare nan ren l lan.
[6] Se konsa, li rive sou Simon Pyè ki di l konsa: — Mèt, ou menm ki pral lave pye mwen?
[7] Jezi reponn li: — Kounyeya ou pa konprann sa m'ap fè a. Men, w'a konprann pita.
[8] Pye di li: — Non, mwen p'ap janm kite ou lave pye mwen. Jezi reponn li: — Si m pa lave pye ou, ou p'ap disip mwen ankò.
[9] Simon Pyè di li: — Si se konsa, Mèt, se pa pye m ase pou ou lave. Lave men m yo tou ansanm ak tèt mwen.
[10] Jezi di li: — Lè yon moun fin benyen, tout kò l pwòp. Se pye l ase ki bezwen lave. Nou menm, nou tou pwòp, men se pa nou tout ki pwòp.
[11] (Jezi te konnen ki moun ki ta pral trayi li. Se poutèt sa li te di: Se pa nou tout ki pwòp.)
[12] Lè l fin lave pye yo tout, Jezi mete gwo rad la sou li ankò, li tounen nan plas li bò tab la, epi li di yo: — Eske nou konprann sa m sot fè la a?
[13] Nou rele m Mèt, nou rele m Senyè. Nou gen rezon, se sa m ye vre.
[14] Si mwen menm ki Senyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lòt.
[15] Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an.
[16] Sa m'ap di nou la a se vre wi: Yon sèvitè pa janm pi enpòtan pase mèt li. Moun yo voye a pa janm pi enpòtan pase moun ki voye li a.
[17] Kounyeya nou konn bagay sa yo. Benediksyon pou nou si nou fè menm jan an tou.
[18] — Lè m di sa, mwen pa pale pou nou tout. Mwen konnen moun mwen chwazi yo. Men, fòk sa ki te ekri nan Liv la rive vre. Moun k'ap manje nan menm plat avè m lan, se li menm ki trayi mwen.
[19] M'ap tou di nou sa kounyeya anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive vre nou ka kwè mwen se moun mwen ye a.
[20] Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki resevwa moun mwen voye a, li resevwa m tou. Moun ki resevwa m, li resevwa moun ki voye m lan.
[21] Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li santi kè l te boulvèse anpil. Li di yo kareman: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen.
[22] Disip yo menm, yonn t'ap gade lòt, yo pat konnen ki moun li t'ap pale.
[23] Yonn nan disip yo, sa Jezi te renmen an, te chita kòtakòt avèk li.
[24] Simon Pyè fè l siy pou l mande Jezi ki moun li t'ap pale.
[25] Lè sa a, disip la panche tèt li bò Jezi, li mande li: — Senyè, kilès sa a?
[26] Jezi reponn li: — Mwen pral tranpe yon moso pen nan plat la: moun w'a wè m'a lonje l bay la, se li menm. Jezi pran yon moso pen, li tranpe l, li lonje l bay Jida, pitit Simon Iskaryòt la.
[27] Pran Jida pran moso pen an, Satan antre nan li. Jezi di li: — Sa ou gen pou fè a, fè l vit.
[28] (Pèsonn sou tab la pat konprann poukisa li te di l sa.
[29] Anpil te fè lide Jezi te vle di l al achte sa yo te bezwen pou fèt la, ou ankò te mande l bay pòv yo kichòy, paske se li menm ki te kenbe sak lajan an.)
[30] Se konsa, Jida pran moso pen an. Lamenm li sòti. Te fin fè nwa deyò a.
[31] Apre Jida fin ale, Jezi di konsa: — Se kounyeya nou pral wè pouvwa Moun Bondye voye nan lachè a. Se kounyeya li pral fè nou wè pouvwa Bondye parèt nan li.
[32] Si li fè nou wè pouvwa Bondye a, Bondye li menm va fè nou wè pouvwa Pitit la. Epi l'ap fè l talè konsa.
[33] Pitit mwen yo, mwen pa la pou lontan ankò avè nou. Ala chache n'a chache mwen! Men, kounyeya m'ap di nou sa m te di jwif yo deja: Nou pa kapab ale kote m prale a.
[34] Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.
[35] Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.
[36] Simon Pyè mande li: — Senyè, ki bò ou prale? Jezi reponn li: — Kote m prale a ou pa ka swiv mwen kounyeya. Men, w'a swiv mwen pita.
[37] Pyè di li: — Senyè, poukisa m pa kapab swiv ou kounyeya? Mwen tou pare pou m bay lavi m pou ou.
[38] Jezi reponn li: — Ou kwè ou pare vre pou bay lavi ou pou mwen? Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Kòk p'ap ankò chante, w'ap gentan di ou pa janm konnen m an twa fwa.